Manyèl yo ak Apèl yo
Sipòte Moun yo ak Fanmi yo nan Travay Sali a ak Egzaltasyon an


“2. Sipòte Moun yo ak Fanmi yo nan Travay Sali a ak Egzaltasyon an,” Manyèl Enstriksyon Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (2020).

“2. Sipòte Moun yo ak Fanmi yo,” Manyèl Enstriksyon Jeneral.

2.

Sipòte Moun yo ak Fanmi yo nan Travay Sali a ak Egzaltasyon an

2.0

Entwodiksyon

Antanke dirijan nan Legliz Jezkri pou Sen Dènye Jou yo, ou sipòte moun yo ak fanmi yo nan akonplisman travay sali ak egazaltasyon Bondye a (gade nan 1.2). Bi final travay sa a se pou ede tout pitit Bondye yo resevwa benediksyon lavi etènèl yo ak yon plenitid lajwa.

Anpil nan travay sali ak egzaltasyon an akonpli atravè fanmi an. Pou tout manm nan Legliz la, travay sa a santre sou fwaye a. Chapit sa a ap ede w gen yon vizyon sou:

  • Wòl fanmi nan plan Bondye a.

  • Travay sali ak egzaltasyon an nan fwaye a.

  • Relasyon ant fwaye a ak Legliz la.

2.1

Wòl fanmi nan Plan Bondye a

Se Bondye ki òdone fanmi e fanmi se yon eleman santral nan plan L lan. Nou chak “se yon pitit gason oswa yon pitit fi byenneme paran selès [ki gen] yon nati ak yon destine diven (“Fanmi an: Yon Pwoklamation pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org). Nou fè pati fanmi yo. Nou te viv avèk yo anvan nou te vin sou tè a.

Nan kad plan L lan, Pè Selès la etabli fanmi sou tè a. Li vle pou fanmi yo pote bonè pou nou. Fanmi ba nou opòtinite pou nou aprann, grandi, sèvi, repanti, ak padone. Yo kapab ede nou prepare pou lavi etènèl.

Nan lavi sa a, anpil moun gen opòtinite limite pou yo benefisye relasyon familyal eman. Pa gen okenn fanmi ki pa ka gen pwoblèm, doulè, ak chagren. Moun yo ak fanmi yo egzèse lafwa yo nan Senyè a epi yo fè efò pou yo viv selon verite Li revele yo konsènan fanmi an. Sovè a pwomèt ke L ap ede tout moun ki vin jwenn Li pote fado yo (gade Matye 11:28–30).

Plan bonè Pè Selès la garanti ke tout pitit Li yo ap gen opòtinite pou yo aksepte levanjil Li a epi pou yo resevwa pi gwo benediksyon L yo (gade nan Doktrin ak Alyans 137:7–10). Tout moun ki fè alyans e ki respekte alyans yo avèk Bondye kapab fè eksperyans lajwa ak “lapè nan mond sa a ak lavi etènèl nan mond ki gen pou vini an” (Doctrin ak Allyans 59:23; gade tou Mozya 2:41). Pwomès lavi etènèl Bondye a enkli maryaj etènèl, timoun, ak tout lòt benediksyon yon fanmi etènèl.

2.1.1

Fanmi Etènèl

Manm yo nan Legliz la fòme fanmi etènèl lè yo fè alyans kote yo resevwa òdonans sèlman yo nan tanp. Benediksyon yon fanmi etènèl reyalize lè manm yo respekte alyans sa yo epi yo repanti lè yo peche. Dirijan Legliz yo dwe ede manm yo prepare yo pou yo resevwa òdonans sa yo ak onore alyans yo.

Chak moun kapab ranpli yon kantite wòl nan yon fanmi etènèl. Tout wòl familyal yo sakre ak enpòtan. Wòl sa yo kapab enkli manman ak papa, pitit fi ak pitit gason, sè ak frè, matant ak tonton, ak grann ak granpapa. Ranpli wòl sa yo nan lanmou ede pitit Bondye yo pwogrese nan direksyon lavi etènèl.

Yon aspè adisyonèl nan etabli fanmi etènèl se fè òdonans nan tanp ki pèmèt manm yo sele avèk zansèt yo ki mouri deja yo.

Avèk konpreyansyon sou plan Bondye a, manm yo chèche benediksyon yon fanmi etènèl. Sa enkli prepare pou yo vin tounen yon konjwen ak yon paran ki diy ak eman.

2.1.2

Mari ak Madanm

Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone (gade nan Doktrin ak Alyans 49:15). Yon mari ak yon madanm sipoze pwogrese ansanm nan direksyon lavi etènèl (gade nan 1 Korentyen 11:11).

Youn nan kondisyon pou moun jwenn lavi etènèl se pou yon gason ak yon fi antre nan alyans maryaj selès la (gade nan Doktrin ak Alyans131:1–4). Yon koup fè alyans sa a lè yo resewvwa òdonans sèlman maryaj nan tanp lan. Alyans sa a se fondasyon yon fanmi etènèl. Lè nou respekte l fidèlman, li pèmèt maryaj yo dire pou tout tan. Finalman, yo kapab vin tankou Bondye (gade nan Doktrin ak Alyans 132:19–20).

Bondye kòmande mari ak madanm yo pou youn atache ak lòt (gade nan Jenèz 2:24; Doktrin ak Alyans 42:22). Nan kontèk sa a, mo atache a vle di devwe e fidèl a yon moun konplètman. Koup ki marye yo atache ansanm lè youn renmen ak sèvi lòt.

Atachman an enkli fidelite total ant mari ak madanm tou. Entimite fizik ant mari ak madanm se yon bagay ki fèt pou l bèl ak sakre. Se Bondye ki etabli sa pou kreyasyon timoun ak kòm ekspresyon lanmou ant mari ak madanm. Se tandrès ak respè —non pa egoyis— ki dwe gide relasyon entim yo.

Bondye kòmande pou entimite seksyèl rezève pou maryaj ant yon gason ak yon fi. Rete pwòp seksyèlman avan maryaj e fidèl andedan maryaj la ede moun yo pou yo vin vrèman gen lajwa epi evite blesi espirityèl, emosyonèl, ak fizik. Nou ankouraje paran yo ak dirijan Legliz yo pou yo fè tout sa yo kapab pou ranfòse ansèyman sa a (gade nan 38.6.5).

Yon koup dwe chèche pou yo ini ansanm lè y ap etabli fanmi yo (gade Jenèz 2:24). Inite nan maryaj mande travay ansanm ak pataje responsablite. Yon mari ak yon madanm egal nan je Bondye. Youn pa dwe domine lòt. Desizyon yo dwe pran nan inite ak lanmou, avèk patisipatsyon total toulède.

Adan ak Èv te trase yon egzanp pou mari yo ak madanm yo. Yo te travay, priye, ak adore ansanm (gade nan Moiz 5:1, 4). Yo te anseye timoun yo levanjil la epi yo te plenyen mizè yo ansanm (gade Moyiz 5:12, 27). Youn te ini avèk lòt e avèk Bondye.

2.1.3

Paran ak Timoun

Anvan pitit Bondye yo ka resevwa “imòtalite ak lavi etènèl,” yo dwe resevwa yon kò mòtèl (Moyiz 1:39). Premye kòmandman Bondye te bay Adan ak Èv kòm mari ak madanm se te pou yo te fè pitit (gade Jenèz 1:28). Pwofèt dènye jou yo anseye ke “kòmandman Bondye te bay pitit Li yo pou yo miltipliye ak ranpli tè a toujou an vigè.” (“Fami an: Yon Pwolamasyon pou Mond lan”; gade tou nan Doktrin ak Alyans 49:16–17).

Se yon privilèj ak yon responsablite sakre pou yon mari ak yon madanm pran swen timoun ke yo kapab fè oswa adopte. Paran adoptif yo gen menm benediksyon ak responsablite avèk paran byolojik yo.

Yon mari ak yon madanm eman travay ansanm pou founi pi bon kad pou elve ak nouri timoun. Gen sikonstans endividyèl ki gen dwa anpeche kèk paran elve pitit yo ansanm. Sepandan, Senyè a ap beni yo si yo chèche èd Li epi si yo fè efò pou yo respekte alyans yo fè avèk Li yo.

Paran yo gen responsablite vital pou yo ede pitit yo prepare yo pou resevwa benediksyon lavi etènèl yo. Yo dwe anseye timoun yo pou yo renmen ak sèvi Bondye ak lòt moun. (gade nan Matye 22:36–40). Yo dwe anseye yo pou yo priye Pè Selès ak etidye pawòl Bondye a (gade nan Alma 37:36–37, 44–46). Yo dwe ede timoun yo konprann doktrin lafwa nan Jezikri, repantans, batèm, ak don Sentespri a (gade nan Doktrin ak Alyans 68:25). Yo dwe ede yo prepare yo tou pou yo fè alyans lè yo resevwa òdonans sali ak egzaltasyon yo tou.

“Papa yo dwe prezide fanmi yo nan lanmou ak lajistis e yo responsab pou yo bay fanmi yo tout sa yo bezwen nan lavi a ak pwoteksyon” (“Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan”). Lè pa gen yon mari oswa yon papa nan fwaye a, se manman an ki prezide nan fanmi an.

Prezide nan fanmi an se responsablite pou ede manm fanmi an retounen al viv nan prezans Bondye. Sa fèt nan sèvi yo ak anseye yo avèk jantiyès, dousè, ak lanmou, pandan n ap suiv egzanp Jezikri (gade Matye 20:26–28). Prezide nan fanmi an enkli dirije manm fanmi an nan lapriyè, etid levanjil regilye, ak nan lòt aspè adorasyon. Paran yo dwe travay nan inite pou yo ranpli responsablite sa yo.

“Se manman yo ki gen responsablite prensipal pou nouri pitit yo” (“Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan”). Nouri vle di nouri, anseye, ak sipòte, pandan n ap suiv egzanp Sovè a (gade nan 3 Nefi 10:4). Nan inite avèk mari l, yon manman ede fanmi l aprann verite ki nan levanjil la ak devlope lafwa nan Pè Selès la ak nan Jezikri. Ansanm, yo kreye yon anviwonman lanmou nan fanmi an.

“Nan responsablite sakre sa yo, papa yo ak manman yo gen obligasyon pou youn ede lòt kòm asosye egal” (“Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan”). Yo dwe fè konsèy ansanm, nan lapriyè, epi avèk Senyè a. Yo dwe pran desizyon yo ansanm nan inite ak lanmou, avèk patisipasyon total toulède.

2.2

Travay Sali ak Egzaltasyon an nan Fwaye a

Premye Prezidans lan te di: “Fwaye a se baz yon lavi jis” (Lèt Premye Prezidans lan, 11 Fev. 1999). Nan fwaye yo, moun yo ak fanmi yo dwe angaje yo nan travay sali ak egzaltasyon an. Travay sa a gen kat responsablite ki fikse divinman.

  • Viv levanjil Jezikri a (gade nan 1.2.1)

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo (gade nan 1.2.2)

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la (gade nan 1.2.3)

  • Ini fanmi yo pou letènite (gade nan 1.2.4)

Pou sipòte manm yo nan fè travay sali ak egzaltasyon an nan fwaye yo, dirijan Legliz la ankouraje yo pou yo etabli yon fwaye kote Lespri a prezan. Yo ankouraje manm yo tou pou yo onore jou Saba a, pou yo etidye ak aprann levanjil la nan fwaye yo, epi fè sware familyal. Dirijan yo mete yon aksan espesyal sou sipòte moun ki kapab manke asistans oswa ankourajman nan men manm fanmi yo.

2.2.1

Yon Fwaye Kote Lespri a Prezan

Nou ankouraje manm Legliz la pou yo fè lakay yo tounen yo andwa ki gen fòs spirityèl ak lajwa. Yo kapab envite Espri Senyè a lakay yo atravè efò senp. Chak fwaye kapab yon “kay priyè, yon kay jèn, yon kay lafwa, yon kay pou aprann, yon kay laglwa, yon kay lòd, yon kay Bondye” (Doktrin ak Alyans 88:119).

2.2.2

Obsève Jou Saba a

Bondye te kòmande pitit Li yo pou yo “sonje jou Saba a, pou yo sanktifye l” (Egzòd 20:8). Manm Legliz la rasanble nan jou Saba a pou yo pran sentsèn an souvni Jezikri ak Ekspyasyon an (gade Doktrin ak Alyans 59:12) Saba a se yon jou aprantisaj ak ansèyman levanjil nan legliz la ak nan fwaye a. Manm yo kapab fòtifye yo nan Saba a si yo angaje yo nan aktivite tankou:

  • Adorasyon pèsonèl atravè lapriyè ak jèn.

  • Etid ak aprantisanj levanjil.

  • Sèvis pastoral ak sèvi lòt moun.

  • Istwa familyal (Jeneyaloji)

  • Pase bon moman an fanmi.

  • Lòt rasanbleman apwopriye.

2.2.3

Etid ak Aprantisaj Levanjil nan fwaye a

Ansèyman ak aprantisaj levanjil la santre sou fwaye a e li sipòte pa Legliz la. Dirijan Legliz la dwe ankouraje manm yo pou yo etidye levanjil la nan fwaye yo nan jou Saba a e pandan semèn nan. Etid levanjil nan fwaye a ap fòtifye moun yo ak fanmi yo. Sa ap apwofondi konvèsyon nan Pè Selès la ak nan Jezikri.

Yon etid ekriti jan yo souliyen l nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo se fason yo sigjere pou etid levanjil la fèt nan fwaye a. Vini, Suiv Mwen an aliyen leson ki ap fèt nan Primè, Lekòldidimanch, Jènfi, Kowòm Prètriz Aawon, ak seminè avèk etid levanjil nan fwaye a.

Moun yo ak fanmi yo dwe chèche enspirasyon lè y ap chwazi pou yo etidye sa ki ap satisfè bezwen yo pi byen. Anplis de pasaj ekriti yo sigjere nan Vini, Suiv Mwen an, nan yon espri lapriyè, yo ta gen dwa anvizaje etidye:

  • Liv Mòmon an ak lòt ekriti yo.

  • Mesaj Konferans Jeneral yo.

  • Revi Legliz la ak lòt bagay ki edifyan.

2.2.4

Sware Familyal ak Lòt Aktivite

Pwofèt dènye jou yo konseye manm Legliz la pou yo fè sware familyal chak semèn. Se yon moman sakre pou moun yo ak fanmi yo aprann levanjil la, fòtifye temwayaj yo, bati inite, ak pou youn jwi prezans lòt.

Sware familyal la fleksib selon sikonstans manm yo. Li kapab fèt nan jou Saba a oubyen nan lòt jou ak lòt lè. Li kapab enkli:

  • Etid ak enstriksyon levanjil (la ka itilize materyèl ki nan Vini, Suiv Mwen an si yo vle).

  • Sèvi lòt moun

  • Chante oubyen jwe kantik ak Chan Primè (gade nan chapit 19).

  • Sipòte manm fanmi yo nan Devlopman Timoun ak Jèn.

  • Yon konsèy familyal pou fikse bi, rezoud pwoblèm, ak kowòdone orè.

  • Aktivite Rekreyatif

Manm selibatè yo ak lòt manm kapab rasanble an gwoup andeyò sèvis adorasyon Saba nòmal yo pou yo patisipe nan sware familyal ak pou youn fòtifye lòt atravè etid levanjil la. Vini, Suiv Mwen kapab yon resous pou moun ki vle etidye ansanm yo.

Dirijan yo pote yon atansyon espesyal a ede moun ki nouvo yo pou yo òganize sware familyal ak etidye levanjil la.

Anplis de sware familyal la, dirijan yo ankouraje fanmi yo pou yo priyorize tan pou yo pase ansanm pandan semèn nan. Sa ta kapab enkli pataje repa, travay ak sèvi ansanm, ak aktivite rekreyatif.

Pou bay fanmi yo tan pou yo ansanm, dirijan yo ta dwe kite Lendi swa disponib, san reyinyon ak aktivite Legliz.

Dirijan yo ankouraje manm yo pou yo toujou fè sware familyal epi pou yo pase tan ansanm avèk fanmi yo (gade nan Doktrin ak Alyans 64:33).

2.2.5

Sipòte Moun yo

Dirijan Legliz la asiste manm ki manke sipò familyal yo. Manm ki kapab bezwen sipò yo enkli:

  • Timoun, jèn, ak adilt ki nan fanmi ki p ap patisipe aktivman nan reyinyon ak aktivite Legliz yo.

  • Adilt sèl tout laj, sa enkli paran ki selibatè yo ak manm ki vèf yo.

Dirijan yo ede manm sa yo ak fanmi yo jwenn opòtinite pou yo fè zanmi, pou yo gen bon eksperyans sosyal, ak kwasans espirityèl. Dirijan yo ankouraje yo ak asiste yo nan efò yo pou yo aprann ak viv levanjil Jezikri a. Dirijan yo ba yo opòtinite pou yo sèvi nan Legliz la tou.

2.3

Relasyon ant fwaye a ak Legliz la

Travay sali ak egzaltasyon an santre sou fwaye a epi li sipòte pa Legliz la. Prensip nou pral wè la yo aplike nan relasyon ant fwaye a ak Legliz la.

  • Dirijan yo ak enstriktè yo onore wòl paran yo e asiste yo. Dirijan yo ak enstriktè yo etabli ak mentni kominokasyon efectif avèk paran yo.

  • Dirijan yo chèche asire yo ke reyinyon yo, aktivite yo, ak pwogram yo nan Legliz la sipòte moun yo ak fanmi yo nan fè travay sali ak egzaltasyon an nan fwaye yo.

  • Gen kèk reyinyon Legliz ki endispansab nan chak pawas oubyen branch. Reyinyon sa yo enkli reyiyon sentsèn ak reyinyon klas ak kowòm ki fèt nan jou Saba yo. Gen anpil lòt reyinyon, aktivite, ak pwogram ki pa endispansab. Dirijan yo òganize yo selon jan sa nesesè pou yo ede satisfè bezwen moun yo ak fanmi yo. Dirijan yo pran sikonstans ak resous lokal yo an konsiderasyon.

  • Moun yo ak fanmi yo konsidere sikonstans yo lè y ap pran desizyon konsènan patisipe nan program ki pa endispansab yo nan Legliz la.

  • Sèvis ak patisipasyon nan Legliz la mande yon sèten degre sakrifis. Senyè a ap beni manm yo si yo sèvi ak fè sakrifis nan Legliz Li a. Sepandan, kantite tan moun bay pou sèvi nan Legliz la pa ta dwe deranje kapasite manm yo pou yo ranpli responsablite yo lakay yo, nan travay yo, ak lòt kote. Dirijan yo ak manm yo pa ta dwe akable anba twòp responsablite Legliz. Ni yo pa dwe mande yo pou yo fè sakrifis aleksè pou yo sipòte pwogram oubyen aktivite nan Legliz nonplis.

Si manm yo suiv prensip sa yo ak enspirasyon Lespri a , Pè Selès la ap beni efò yo.