Manyèl yo ak Apèl yo
1. Plan Bondye a ak Wòl Ou nan Travay Sali ak Egzaltasyon an


“1. Plan Bondye a ak Wòl Ou nan Travay Sali ak Egzaltasyon an,” Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (2020).

“1. Travay Sali ak Egzaltasyon an,” Manyèl Jeneral.

1.

Plan Bondye a ak Wòl Ou nan Travay Sali ak Egzaltasyon an

1.0

Entwodiksyon

Ou resevwa apèl pou w sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mèsi pou sèvis ou. W ap beni lavi moun epi w ap jwenn lajwa pandan w ap sèvi avèk fidelite.

Manyèl sa a ap ede w aprann prensip pou w sèvi nan fason Kris la ak konprann responsablite w yo. W ap pi efikas lè w adapte sèvis ou nan Legliz la a travay Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri. Chapit sa a ap ede w gen yon vizyon sou:

  • Plan bonè Bondye a.

  • Travay sali ak egzaltasyon an.

  • Bi Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

1.1

Plan Bonè Bondye a

Pè Selès la bay plan bonè a pou fè nou kapab jwi tout benediksyon L yo. Travay Li ak glwa Li se pou L “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39). Imòtalite vle di viv avèk yon kò fizik ki resisite pou tout tan. Lavi etènèl oubyen egzaltasyon vle di vin tankou Bondye epi viv nan prezans Li etènèlman an fanmi.

Nou pa ka gen imòtalite ak lavi etènèl san èd Bondye. Nan lavi sa a, nou sijè anba peche ak lanmò, ki separe nou avèk Papa nou ki nan Syèl la epi ki anpeche nou vin plis tankou L.

Jezikri se eleman santral nan plan Bondye a. Akozde amou enfini Papa nou ki nan Syèl la pou nou, Li te voye Pitit Gason L lan pou rachte nou anba peche ak lanmò atravè sakrifis ekspyatwa L la (gade nan Jan 3:16). Atravè sakrifis Li a, Jezikri garanti ke nou chak ki fèt sou tè a ap resisite epi n ap gen imòtalite. Ekspyasyon L lan rann posib pou nou ka lave anba peche epi pou kè nou chanje pou nou ka resevwa lavi etènèl ak yon lajwa konplè.

Pou n resevwa lavi etènèl, nou dwe “vin jwenn Kris la, e pèfeksyone nou nan li,” (Mowoni 10:32). Envitasyon sa a se pou tout moun ki te viv oubyen ki ap gen pou viv sou tè a. Pè Selès la vle pou tout pitit Li yo chwazi pou yo retounen al jwenn Li.

1.2

Travay Sali ak Egzaltasyon an

Lè nou vin jwenn Kris la epi nou ede lòt moun fè menm bagay la, nou patisipe nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Se de gran kòmandman sa yo, renmen Bondye ak renmen pwochen nou yo, ki gide travay sa a (gade nan Matye 22:37–39). Nou montre amou nou pou Bondye lè nou respekte kòmandman L yo epi nou sèvi pitit Li yo (gade nan Jan 14:15).

Travay sali ak egzaltasyon an konsantre sou kat responsablite diven nou genyen. Responsablite sa yo souliyen pi ba la a.

Manyèl sa a ap ede w konprann kat aspè sa yo nan travay Bondye a. Sentespri a ap gide w si w fè pati pa w la pou w akonpli yo (gade nan 2 Nefi 32:5).

1.2.1

Viv Levanjil Jezikri a

Viv levanjil Jezikri a enkli:

  • Egzèse lafwa nan Kris la, repanti chak jou, fè alyans avèk Bondye pandan n ap resevwa òdonans sali ak egzaltasyon yo, epi pèsevere jiska lafen, nan respekte alyans sa yo (gade nan 3.5.1).

  • Aprann ak anseye levanjil Jezikri a nan fwaye nou ak nan Legliz la.

  • Vin otonòm pou nou ka pran swen tèt nou ak fanmi nou, espirityèlman ak tanporèlman.

1.2.2

Pran Swen Moun ki nan Nesesite

Pran swen moun ki nan nesesite yo enkli:

  • Sèvi ak fè sèvis pastoral pou moun yo, fanmi yo, ak kominote yo.

  • Pataje resous nou, enkli asistans Legliz la, avèk moun ki nan bezwen.

  • Ede lòt moun yo vin otonòm.

1.2.3

Envite Tout Moun Resevwa Levanjil la

Envite tout moun resevwa levanjil la enkli:

  • Patisipe nan travay misyonè ak sèvi kòm misyonè.

  • Ede nouvo manm ak manm ki retounen Legliz la pwogrese sou chemen alyans lan.

1.2.4

Ini Fanmi yo pou Letènite

Ini fanmi yo pou letènite enkli:

  • Fè alyans pandan n ap resevwa pwòp òdonans tanp pa nou.

  • Dekouvri zansèt nou ki mouri yo epi fè òdonans pou yo nan tanp pou yo ka fè alyans avèk Bondye.

  • Ale nan tanp regilyèman, kote sa posib, pou adore Bondye ak pou akonpli òdonans pou pitit Li yo.

1.3

Bi Legliz la

Jezikri te etabli Legliz Li a pou pèmèt moun yo ak fanmi yo fè travay sali ak egzaltasyon an (gade nan Efezyen 4:11–13; gade tou nan seksyon 2.2). Pou ede nou akonpli bi diven sa a, Legliz la ak dirijan l yo bay:

  • Otorite ak kle prètriz.

  • Alyans ak Òdonans.

  • Direksyon pwofetik.

  • Ekriti.

  • Aprantisaj levanjil ak sipò pou ansèyman.

  • Sèvis ak opòtinite pou dirije.

  • Yon kominote Sen.

1.3.1

Otorite ak Kle Prètriz

Atravè prètriz la, Bondye akonpli travay sali ak egzaltasyon an. Otorite ak kle prètriz moun bezwen pou dirije travay Bondye a sou tè a te retabli atravè Pwofèt Joseph Smith (gade nan Doktrin ak Alyans 110:11–16; 112:30; gade tou nan 3.1). Dirijan yo nan Legliz la gen kle sa yo jodia. Yo aple ak otorize lòt moun pou yo ede nan travay Bondye a (gade nan Doktrin ak Alyans 107:8, 65–67).

1.3.2

Alyans ak Òdonans

Nan plan Papa nou ki nan Syèl la, nou fè alyans lè nou resevwa òdonans sali ak egzaltasyon yo, tankou batèm (gade nan Jan 3:5; gade tou nan chapit 18). Alyans ak òdonans sa yo endispansab pou nou vin plis tankou Bondye epi pou nou retounen al viv nan prezans Li (gade nan Doktrin ak Alyans 84:19–22).

1.3.3

Direksyon Pwofetik

Atravè pwofèt Li chwazi, Bondye revele laverite epi Li bay direksyon enspire ak avètisman (gade nan Amòs 3:7; Doktrin ak Alyans 1:4). Direksyon sa a ede nou antre ak rete sou chemen ki mennen nan lavi etènèl la.

1.3.4

Ekriti yo

Sou direksyon pwofèt ak apot Senyè a, Legliz la bay epi prezève pawòl Bondye a jan nou jwenn li nan ekriti yo. Ekriti yo temwanye konsènan Kris la, yo anseye levanjil Li a, epi yo ede nou egzèse lafwa nan Li (gade nan Jakòb 7:10–11; Elaman 15:7).

1.3.5

Aprantisaj Levanjil ak Sipò pou Ansèyman

Legliz la sipòte moun yo ak fanmi yo nan responsablite yo pou yo aprann ak anseye verite sa yo bay manm fanmi yo ak lòt moun (Gade nan Doktrin ak Alyans 88:77–78, 118; gade tou nan 2.2.3).

1.3.6

Opòtinite pou Sèvi ak Dirije

Atravè apèl ak responsablite nan Legliz la, Bondye bay manm yo opòtinite pou yo sèvi ak dirije. Legliz la bay fondasyon pou ede pran swen manm ki nan bewen yo epi pou pote sekou imanitè bay lòt moun (gade nan Mozya 18:27–29).

1.3.7

Yon Kominote Sen

Kòm yon kominote Sen, manm yo nan Legliz la rasanble regilyèman pou yo adore Bondye ak sonje Sovè a nan pran sentsèn (gade nan Mowoni 6:4–6; Doktrin ak Alyans 20:77). Youn pran swen lòt pami manm yo tou epi youn sèvi lòt. (gade nan Efezyen 2:19).

1.4

Wòl Ou nan Travay Bondye a

Antanke dirijan nan Legliz la, ou gen apèl pou w anseye ak sipòte moun w ap sèvi yo pandan yo angaje nan travay sali ak egzaltasyon an (gade nan 1.2). Ou responsab pou w ranpli apèl ou a ak “preche … pawòl Bondye a avèk dilijans” (Jakòb 1:19). Travay avèk Senyè a nan jaden L lan ap pote anpil jwa pou ou (gade nan Jakòb 5:70–72).

Lè w gen yon konpreyansyon klè sou pawòl Bondye a, sou sa L envite w fè, ak sou bi Legliz Li a, sa ap ede w konsantre efò w yo sou pote nanm bay Kris la. Kenbe vizyon sa a nan lespri w ap mete w sou menm liy avèk Sovè a epi sa ap gide tout sa w ap fè kòm yon dirijan nan Legliz la.

Refere w souvan a prensip yo ki nan chapit sa a. Nan yon espri lapriyè, chèche konnen kijan w ka ede bi Bondye yo akonpli nan lavi moun w ap sèvi yo. Bondye ap dirije w atravè enspirasyon Sentespri a.