“Apendis: Leksik Prensip Aprantisaj,” EnglishConnect pou Etidyan yo (2022)
“Leksik,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo
Appendix
Principles of Learning Glossary
Leksik Prensip Aprantisaj
Agency
Libabit: Antanke pitit Bondye, nou gen libabit, oubyen pouvwa, pou nou pran pwòp desizyon pa nou. Nou kapab chwazi sa nou kwè, kisa nou fè, ak kiyès n ap devni.
“Libabit se kapasite ak privilèj Bondye bay moun pou yo chwazi epi pou yo aji pou tèt pa yo” (Sijè Levanjil, “Libabit ak Responsablite,” ChurchofJesusChrist.org).
“Paske Li renmen ou, Bondye ba ou libabit, oubyen libète pou w pran desizyon. Libabit ou pèmèt ou fè bon chwa ki mennen nan bonè; konsa tou li rann ou responsab pou move chwa yo, sa ki rann ou malere imedyatman oubyen evantyètman. Bondye pa p entèveni nan chwa w yo; Li pèmèt ou deside pou tèt pa w ak aprann leson nan konsekans yo. Men Li ofri èd final la pou ede nou simonte erè ak peche yo—pouvwa sali Jezikri a. Kèlkeswa kijan sikonstans ou ka vin mal oubyen ki kantite move chwa ou te petèt fè, ou kapab toujou chwazi chanje epi jwenn lapè atravè Jezikri” (“God is There for You (Bondye La Pou Ou),” ComeuntoChrist.org).
Agent
Ajan: Yon ajan se yon moun ki gen kapasite oubyen pouvwa pou li aji pou tèt pa li. Antanke pitit Bondye, nou se ajan; nou gen libabit, oswa pouvwa, pou nou pran pwòp desizyon pa nou. Nou kapab chwazi kisa nou kwè, kisa nou fè, ak kiyès n ap devni.
Bible
Bib la: “Bib la se yon liv sakre ki gen pawòl Bondye. Atravè paj li yo, Bib sen an anseye ke Bondye pa janmm sispann renmen pitit Li. …Suiv ansèyman ki nan Bib la ede nou konnen kiyès Bondye ye … epi konprann pi byen kijan Li vle pou nou viv. …”
“Jezikri se piti Bondye ki te vini sou tè a pou sove nou anba peche, tristès, solitid, doulè ak plis bagay toujou. Jezi te anseye:anpil bèl leson konsènan lanmou epi li te fè anpil mirak lè Li te sou tè a. Nan Bib la, nou kapab li anpil nan istwa sa yo epi kòmanse konprann kijan nou kapab rive simonte sitiyasyon ki difisil avèk èd Jezi” (“Kisa Bib la ye?,” ComeuntoChrist.org).
Book of Mormon
Liv Mòmon: “Liv Mòmon an gen ekriti sakre moun ki t ap suiv Jezi. Menm jan Mozyiz ak Noe te pale avèk Bondye nan Bib la, Li te pale avèk abitan Amerik yo tou. Mesye sa yo ke yo te rele pwofèt, te ekri pawòl Bondye yo. Yon pwofèt ki te rele Mòmon te rasanble sa yo te ekri yo nan yon sèl liv . …
“Liv Mòmon se evidans ke Bondye renmen tout pitit Li epi li gen rapò nan lavi yo. Li sèvi kòm temwen pou verite ki nan Bib la ak divinite ak ansèyman Jezikri yo” (“Kisa Liv Mòmon an ye?,“ ComeuntoChrist.org).
Doctrine and Covenants
Doktrin ak Alyans: “Doktrin ak Alyans se yon koleksyon revelasyon divin Bondye te bay Pwofèt Joseph Smith ansanm ak kèk lòt pwofèt nan dènye jou yo. Se yon ekriti san parèy paske se pa yon tradiksyon ansyen dokiman.
“Doktrin ak Alyans se youn nan kat liv ekriti Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo itilize (lòt twa liv yo se Bib la, Liv Mòmon an, ak Pèl Gran Pri an)” (Sijè Levanjil, “Doktrin ak Alyans,” ChurchofJesusChrist.org).
Faith
Lafwa: “Lafwa se yon prensip aksyon ak pouvwa. Chak fwa nou travay pou nou jwenn yon objektif ki diy, se lafwa n ap egzèse. Nou demontre espwa nou pou yon bagay ke nou poko ka wè. …”
“Gen lafwa nan Jezikri vle di konte totalman sou Li— fè konfyans a pouvwa enfini Li, entelijans Li, ak lanmou L. Sa gen ladan l kwè nan ansèyman L yo. Sa vle di pou nou kwè menm si nou pa konprann tout bagay, Limenm li konprann yo. Paske Li te fè eksperyans tout lapenn nou yo, afliksyon nou yo, ak enfimite nou yo, Li konn kijan pou L ede nou simonte difikilte chak jou nou yo. …(gade Alma 7:11–12; Dokrtrin ak Alyans 122:8).”
“Lafwa se plis pase yon senp kwayans. Nou montre lafwa nou atravè aksyon nou—nan fason n ap viv. …”
“Lafwa se yon kado ki soti nan Bondye, men nou dwe chache li epi travay pou nou kenbe li fèm. Lafwa se tankou yon misk nan kò nou. Lè nou egzèsi li, li vin pi fò. Si nou pa fè l mache, l ap vin fèb” (Sijè Levanjil, “Lafwa nan Jezikri, ” ChurchofJesusChrist.org).
God/Heavenly Father
Bondye/Pè Selès la: “Nou kwè, nou adore, ak nou priye yon Papa ki nan Syèl la ki se yon pèsonaj Siprèm. Li se Kreyatè iltim, Chèf, epi Li Prezève tout bagay. Li pafè, li gen tout pouvwa, epi Li konn tout bagay” (Sijè Levanjil, “Bondye Papa a,” ChurchofJesusChrist.org).
“Bondye se Papa literal nou ki nan Syèl la. … Li se Papa lespri nou. … [Papa nou ki nan syèl la] renmen tout pitit Li byen, li renmen w tou. … Li vle genyen yon relasyon avèk ou” (”Bondye se Lanmou,” ComeuntoChrist.org).
Nan ekriti yo, yo souvan itilize mo Bondye a pou fè referans ak Pè Selès la oubyen Jezikri paske yo ini nan objektif yo. Nou priye Papa nou ki nan Syèl la.
Holy Spirit
Sentespri: “Sentespri, oswa Lespri Sen an, se yon temwen Bondye ak Jezikri. … Sentespri banou rekonfò, li ede nou rekonèt laverite, epi Li temwaye de Jezi. … Youn nan fason Bondye kominike avèk nou se atravè Sentespri a. Sentespri a pale avèk lespri nou ak kè nou atravè panse ak santiman” (“Sentespri a,” ComeuntoChrist.org).
Jesus Christ
Jezikri: “Jezi se Sovè mond lan ak egzanp pafè nou. Si nou suiv Jezi, n ap jwenn plis lapè ak plis lajwa nan lavi nou. …”
“Jezikri se Pitit Gason Bondye. Papa nou ki nan syèl la te voye Pitit gason L lan, Jezikri pou pran sou tèt Li peche tout moun ki t ap gen pou yo viv sou tè a pou nou ka jwenn padon. …
“Jezi te viv yon lavi ki pafè pou Li te ka montre nou chemen pou tounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. …”
“Jezi te soufri epi Li te mouri pou peche nou. Misyon divin Jezi a sete pou sove nou anba peche nou. Li te gen volonte pou Li soufri ak sakrifye tèt Li pou L peye pri erè nou yo pou nou kapab repanti ak jwenn padon. …”
“Jezi te resisite pou nou ka viv ankò. Twa jou apre Li te mouri, Jezi te leve soti nan tonm nan epi L te parèt devan anpil zanmi Li ak moun ki t ap suiv Li yo. Li te premye moun ki te resisite, sa ki vle di lespri Li te reyini avèk kò fizik pafè Li apre L te mouri. Paske Jezi te gen viktwa sou lanmò, nou tout gen pou nou resisite yon jou” (“Suiv egzanp Jezikri, Egzanp Pafè nou,” ComeuntoChrist.org).
Prayer
Priyè: Priyè se “yon kominikasyon reveran avèk Bondye kote nou di mèsi epi nou mande benediksyon. Priyè nou yo adrese a Papa nou ki nan Syèl la nan non Jezikri” (Gid Ekriti yo, “Priyè,” ChurchofJesusChrist.org).
Bondye se Papa eman ou ki nan Syèl la, epi Li vle tande ou” (“Kijan pou nou priye,” ComeuntoChrist.org).
Prophet
Pwofèt: “Yon pwofèt se yon moun Bondye aple pou L bay gidans pou mond la annantye. Soti nan Abraram ak Moyiz jiska pwofèt vivan jodi a, Bondye suiv yon modèl kote Li gide pitit Li yo atravè pwofèt” (“Bondye pale avèk Nou atravè Pwofèt,” ComeuntoChrist.org).
Savior
Sovè: “Yon moun ki sove moun. … ‘Sovè’ se yon non ak yon tit pou Jezikri” (Gid Ekriti yo, “Sovè,” ChurchofJesusChrist.org).
Jezikri se Sovè nou paske Li te bay lavi Li epi Li te resisite pou nou kapab simonte efè peche ak lanmò pou nou ka viv avèk Bondye ankò.
“Jezi te soufri epi Li te mouri pou peche nou. Misyon divin Jezi a sete pou sove nou anba peche nou. Li te dispoze pou Li te soufri ak sakrifye tèt Li pou L peye pri erè nou yo pou nou kapab repanti ak jwenn padon. …”
“Jezi te resisite pou nou ka viv ankò. Twa jou apre Li te mouri, Jezi te leve soti nan tonm nan epi L te parèt devan anpil zanmi Li ak moun ki t ap suiv Li yo. Li te premye moun ki te resisite, sa ki vle di lespri Li te reyini avèk kò fizik pafè Li apre L te mouri. Paske Jezi te ranpòte laviktwa sou lanmò, nou tout gen pou nou resisite yon jou” (“Suiv egzanp Jezikri, Egzanp Pafè nou,” ComeuntoChrist.org).
Scripture
Ekriti: “Nenpòt bagay yo pral pale lè Sentespri a anime yo se pral ekriti, se pral volonte Senyè a, se pral panse Senyè a, se pral pawòl Senyè a, se pral vwa Senyè a, ak pouvwa Bondye pou sali a’ (Doktrin ak Alyans 68:4). …
“Objektif prensipal ekriti yo se pou yo temwaye de Kris la epi pou yo bay pitit Bondye yo yon gid pou yo kapab vin jwenn Li epi resevwa lavi etènèl (gade Jan 5:39; 20:31; 1 Nefi 6:4; Mozya 13:33-35)” (Sijè Levanjil, “Ekriti yo,” ChurchofJesusChrist.org).