Lyawona
Bondye Konnen Ou epi Renmen Ou
Lyawona Oktòb 2026


“Bondye Konnen Ou epi Renmen Ou,” Liahona, Oktòb 2026.

Mesaj Mansyèl Liahona, Oktòb 2026

Bondye Konnen Ou epi Renmen Ou

Yon verite asire ak etènèl sèke Papa nou ki nan Syèl la renmen nou epi Li p ap janm bliye oswa abandone nou.

Menm anvan paran mwen yo te antre nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, yo te anseye twa frè mwen yo ansanm avèk mwen konsènan Bondye ak Jezikri. Mwen te toujou konnen ke Bondye la epi Li konnen m epi Li renmen m. Mwen pa te janm doute sa.

Pandan ane yo t ap pase, konpreyansyon mwen ak temwayaj mwen sou kijan Bondye konnen mwen byen ak konbyen Li renmen mwen te vin apwofondi. Jodi a, antanke Apot Senyè a, Jezikri, mwen temwaye ke Bondye konnen ak renmen tout pitit Li yo.

Mwen ta renmen envite ou reflechi avèk mwen sou benediksyon pou nou konprann kijan Bondye konnen ou epi renmen ou pafètman.

semans erab

Bondye te Konnen epi Renmen Ou nan Kòmansman an

Senyè a te di pwofèt Jeremi, “Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou” (Jeremi 1:5). Sa a se vre pou chak moun—enkli oumenm.

Bondye se Papa ou ki nan Syèl la. Li konnen ou depi byen lontan. Anfèt, ou te “nan kòmansman an avèk Papa a” (Doktrin ak Alyans 93:23). Antanke youn nan pitit lespri Li yo, ou te prezan nan yon konsèy nan syèl la kote Papa nou ki nan Syèl la te prezante gran plan bonè Li a. Pwofèt Joseph Smith te ansenye ke plan Bondye a bay chak nan nou “yon privilèj pou pwogrese tankou [L]imenm [epi] … vin egzalte avèk [Li].” Papa nou ki nan Syèl la te vle ou gen privilèj sa a epi li ba ou opòtinite pou chwazi vin menmjan avèk Li.

Tout sa Papa nou ki nan Syèl la te fè epi ap fè pou avansman gwo plan bonè L la se yon manifestasyon de lanmou pafè Li pou nou. Li gen yon plenitid lajwa epi Li vle nou gen plenitid sa a tou. Antanke “yon pitit gason oswa pitit fi byeneme paran selès,” nou gen potansyèl diven sa a ki konekte nou avèk Papa nou ki nan Syèl la epi ki fòme fason li wè nou.

Papa nou ki nan Syèl la ranpli avèk yon lanmou enfini, pafè, sen ak pur pou ou, ki depase deskripsyon. Ou enpòtan pou Li paske ou se pitit Li. Lanmou li pou ou te kòmanse nan letènite yo byen anvan ou te fèt. Epi li andire atravè tout lavi ou nan mòtalite a epi antre nan letènite yo.

yon ti pye erab

Bondye Konnen epi Renmen Ou

Pandan mòtalite a, souvni sou egzistans premòtèl nou an gen yon vwal mizerikòd sou li, sa ki pèmèt nou mache pa lafwa epi egzèse libabit nou an amoni avèk plan pafè Papa nou ki nan Syèl la. Men, Papa nou ki nan Syèl la sonje. Li non sèlman sonje kimoun nou te ye lèsa a, men Li konnen tout bagay konsènan nou kounyea tou.

Li konnen tout sikonstans yo nan lavi nou, tout difikilte, lajwa, ak lapenn nou yo. Se limenm sèl ki konnen panse nou yo ak entansyon yo nan kè nou (gade Doktrin ak Alyans 6:16). Èldè Ronald A. Rasband nan Kolèj Douz Apot yo te anseye, “Pèsonn pa konnen ou pi byen ni pran swen ou plis pase [Papa nou ki nan Syèl] la.”

Paske Li konnen nou epi pran swen nou plis pase nenpòt lòt moun, Papa nou ki nan Syèl la fè sousi konsènan etap n ap suiv isit la sou tè a. Li konnen kiyès ki pral ede nou akonpli potansyèl diven nou antanke pitit gason oswa pitit fi Li. Plis pase sa nou ta kapab janm imajine, Li vle pou nou atenn destine selès nou—pou retounen nan fwaye selès nou an.

Byenke nou tout enpafè, Li renmen chak nan nou pafètman. Gen yon fason kote Papa nou ki nan Syèl la pi klèman montre pwofondè lanmou Li: “Paske, Bondye sitèlman renmen mond nan, li bay sèl Pitit byeneme L la, pou tout moun ki kwè nan Li pa peri, men pou yo gen lavi ki pap janm fini an” (Jan 3:16).

Bondye si tèlman renmen nou–renmen nou si entanseman epi si totalman–ke Li te voye Jezikri, Premye Pitit li a, ki te “Byenneme ak Chwazi depi nan kòmansman an” (Moyiz 4:2), pou vin Sèl Pitit Literal Li ak Sovè mond lan. Sakrifis ekspyatwa Jezikri a se ekspresyon siprèm ak pi gloriye ki montre lanmou Papa a pou nou ak pou tout pitit Li yo.

Jezikri te vini pou fè volonte Papa a. Avèk dousè ak imilite nan kè, Li te desann pi ba pase tout bagay (gade Doktrin ak Alyans 122:8) epi Li te fè sakrifis ekspyatwa Li a pou te akonpli gran plan bonè Papa a. Li te simonte peche ak lanmò konsa tout moun pral resisite epi gen chans pou yo repanti ak resevwa padon. Li ofri alyans ki ba nou “aksè a yon kalite lanmou ak mizèrikòd espesyal” ak opòtinite pou nou resevwa lavi etènèl ak “tout sa Papa a genyen” (Doktrin ak Alyans 84:38).

Tanpri, sonje ke “tout sa [Papa a] genyen” an enkli non sèlman benediksyon Li ka finalman ba nou apre lavi sa a, men benediksyon L ap ba nou kounyea tou. Li ap “sipòte [nou] nou tout tan” (Mozyah 2:21), enkli nan fason ki adapte avèk nou ak sikonstans nou yo.

Pandan n ap apwoche pi pre Li ak Pitit Gason Li a, pandan n ap priye Papa a nan non Pitit Gason an, epi pandan n ap kenbe kòmandman Yo bay yo, “li beni [nou] imedyatman” (Mozya 2:24) avèk menm plis benediksyon toujou.

Nan lavi sa a, Bondye “pa pi lwen okenn nan nou pase sa” (Travay 17:27).

M ap repete opinyon Èldè Neal A. Maxwell (1926–2004) la, ki te kwè ke “nan yon jou byen lwen, sa pral menm vin pi evidan pase kounye a, ke Papa eman nou an ap fè tout sa Li ka posibman fè pou ede nou!”

yon pyebwa ki fin grandi

Bondye Pral Konnen ak Renmen Ou Pou Tout Tan

Moun nou fè plis konfyans nan lavi sa a gen tandans pou yo se moun nou konnen pi byen, ki konnen nou pi byen, ki renmen nou epi gen pi bon enterè nou nan kè yo, epi ki pwouve ke nou ka fè yo konfyans. Paske Papa nou ki nan Syèl la tèlman konnen nou byen, tèlman renmen nou anpil, te tèlman fè epi ap fè anpil pou nou, epi li pafè ak enchanjab, nou kapab toujou fè Li konfyans.

Èske nou pafwa santi lafwa nou febli? “Èske [nou] janm akable anba yon fado?” Èske chemen ki devan an sanble l pa klè? Èske gen difikilte ki sanble yo san limit kèlkeswa sa nou fè oswa kèlkeswa jan nou lapriyè pou soulajman? Èske gen benediksyon nou te espere epi priye pou yo ki pa materyalize?

Mwen temwaye ke Bondye p ap janm bliye nou; ni li p ap janm abandone nou. Li konnen nou epi Li konnen sa ki pi bon pou nou nan chak moman nan lavi nou. Li wè fen an depi nan konmansman. Nan moman menm Li konsyan de nou, de santiman nou, ak bezwen espirityèl ak tanporèl nou yo, osi byen ke bezwen chak moun ki bò kote nou.

Li enpòtan pou konprann ke benediksyon Li yo vini selon pwòp volonte, fason ak tan pa Li. Tan li ka diferan de tan pa nou, men benediksyon Li yo ap vini. Mete konfyans nan Li ase pou w “rete trankil, epi konnen ke [Li se] Bondye” (Sòm 46:10), ke Li konnen tout bagay, epi Li konsyan de nou. Si nou fè Li konfyans, lanmou Li kapab kouvri nou konplètman. Li pwomèt ke nou ka vire jwenn Li pou èd ak gidans nenpòt ki lè. L ap konnen epi renmen nou pou tout tan.

Mwen temwaye ke si nou mete konfyans nou nan Papa eman nou an ki nan Syèl la ak nan Pitit Gason plen lanmou L la, kenbe alyans nou yo, epi pèsevere nan lafwa jiskalafen, n ap jwi pwomès Papa a, ki ap fè tout sa ki nan pouvwa Li pou ede nou retounen nan prezans Li yon jou. Epi, pandan n ap fè sa, mwen pwomèt ke n ap kapab temwaye, jan pwofèt Ezayi te fè nan tan lontan an, de “jan [Bondye] gen kè sansib pou nou” (Ezayi 63:7).

Papa nou ki nan Syèl la toujou konnen ak renmen nou. Li renmen nou epi Li la pou nou kounyea. Mwen temwen ke Li toujou dispoze pou reponn priyè nou yo. Se pou nou toujou santi konbyen Li konnen nou, sousye pou nou, renmen nou, epi dispoze pou ede nou ak beni nou—kounyea e pou tout tan.