“Benediksyon Prètriz,” Lyawona, Mas 2023.
Mesaj Mansyèl Lyawona, Mas 2023
Benediksyon Prètriz
Kris la k ap Òdone Douz Apot yo, tablo Harry Anderson
Yon benediksyon prètriz bay atravè enspirasyon pa yon detantè Prètriz Mèlkisedèk. Benediksyon prètriz yo rann posib pou tout pitit Bondye yo resevwa pouvwa, gerizon, rekonfò ak gidans Li.
Prètriz la
Prètriz la se pouvwa ak otorite Bondye. Gason diy ki detni Prètriz Mèlkisedèk la aji nan non Jezikri lè y ap bay benediksyon prètriz. Pandan y ap bay benediksyon sa yo, yo suiv egzanp Sovè a lè L ap bay lòt moun benediksyon.
Fotograf pa David Winters
Kijan Benediksyon Yo Bay
Benediksyon prètriz yo bay atravè enpozisyon dèmen. Yon detantè Prètriz Mèlkisedèk mete men li sou tèt moun k ap resevwa benediksyon an. Apre sa li bay yon benediksyon selon jan Lespri a dirije li. Moun ki bay benediksyon yo ak moun ki resevwa l yo egzèse lafwa nan Bondye ak konfyans nan volonte ak tan Li.
Bay Timoun Non ak Benediksyon
Apre yon timoun fèt, yon detantè prètriz bay timoun nan yon non ak yon benediksyon (gade Doktrin ak Alyans 20:70). Jeneralman, sa fèt nan yon reyinyon jèn ak temwayaj. Premyèman, yo bay timoun nan yon non. Apresa detantè prètriz la bay timoun nan yon benediksyon.
Foto Welden C. Andersen
Benediksyon pou Moun ki Malad
Detantè Prètriz Mèlkisedèk yo kapab bay moun ki malad benediksyon. Kalite benediksyon sa a genyen de pati: onksyon avèk luil ak sèlman onksyon an. Premyèman, detantè prètriz la depoze yon gout luil oliv ki te konsakre, oswa beni, sou tèt moun nan epi li pwononse yon ti priyè tou kout. Apre sa, yon lòt detantè prètriz sele onksyon an epi li bay moun nan yon benediksyon selon jan Sentespri a gide li.
Benediksyon Rekonfò ak Konsèy
Detantè Prètriz Mèlkisedèk yo kapab bay manm nan fanmi yo ak lòt moun ki mande yo benediksyon rekonfò ak konsèy. Yon papa ki gen Prètriz Mèlkisedèk la kapab bay pitit li yon benediksyon patènèl. Sa ka itil patikilyèman lè timoun yo ap fè fas a pwoblèm ki espesyal.
Mizapa Manm pou Sèvi nan Apèl
Lè manm nan Legliz la resevwa apèl, yo ba yo yon benediksyon kote yo mete yo apa pou yo sèvi. Yon dirijan prètriz beni yo avèk otorite pou yo aji nan apèl la. Dirijan prètriz la ba yo yon benediksyon tou pou ede yo nan sèvis yo.
Foto Shauna Stephenson
Benediksyon Patriyakal
Chak manm nan Legliz la ki diy kapab resevwa yon benediksyon patriyakal. Benediksyon sa a bay konsèy pèsonèl ki soti nan men Senyè a. Li kapab bay direksyon ak rekonfò pandan tout lavi yon moun. Epitou, li deklare lineyaj moun lan nan kay Izrayèl la. Sèl yon patriyach ki òdone kapab bay tip benediksyon sa a.
© 2023 by Intellectual Reserve, Inc. All right reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Liahona Message, March 2023. Language. 18905 036