2018
Lidè mondyal Fanm yo Ap fè Sevis nan Karayib la (Haitian-Creole)
Septembre 2018


Pages Locales

Lidè mondyal Fanm yo Ap fè Sevis nan Karayib la (Haitian-Creole)

Manm nan prezidans jeneral Jèn Fi yo ansanm ak Primè a nan Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo, te vizite ak reyini avèk manm yo nan sis peyi nan Karayib la nan mwa me a pandan yon vizit ofisyèl pou 10 jou. Moun ki te resevwa yo se eldè José L. Alonzo nan swasanndis yo, ki li menm se dezyèm konseye nan Prezidans entèrejyon nan Karayib la ansanm ak eldè Hubermann Bien-­Aimé swasanndis entèrejyon an.

Sè Christina B. Franco, ki se dezyèm konseye nan prezidans jeneral Primè a, ansanm ak sè Beckey Craven, dezyèm konseye nan prezidans jeneral Jèn Fi yo te rive Ayiti nan Pòtoprens vandredi ki te 18 me 2018 la. Gwadloup, Babados, Sen vensan, Trinidad ak Tobago ak Pòtoriko se lòt peyi ke yo te vizite pandan vwayaj la.

“Mwen konnen pafwa li difisil pou defann kwayans nou yo, defann sa nou kwè pandan lòt moun yo pa fè menm jan an nan mond lan. De tout fason nou dwe defann sa nou kwè, menm lè nou pou kont nou: se sa sè Franco te ankouraje ak envite yon gwoup jèn gason ak jèn fi pandan yon devosyonèl an Ayiti.

Ayiti, kay plis pase 23,000 manm Legliz la, se dezyèm peyi nan rejyon an ki genyen yon tanp, kap konstwi nan moman an. Tou de sè yo te gen opòtinite pou vizite kote li ap konstwi a.”

“Nou pral genyen yon nouvo tanp epi mwen konnen petèt majorite nan jèn yo jis kounye a pat genyen opòtinite pou asiste nan yon tanp. Men benediksyon sa vini vit epi nou pral gen opòtinite pou nou sèvi nan tanp lan pou zansèt nou yo: Se sa sè Craven te di jèn Pòtoprens yo.”

Aprè twa jou reyinyon, antrènman ak vizit an Ayiti, yo te vwayaje Gwadloup ak Babados, kote yo te reyalize plizyè fòmasyon pou dirijan yo, yon sware familyal pou jèn adilt sèl yo ak yon klas seminè byen bonè nan maten, ki te genyen ladanl 10 etidyan nan Abymes, nan Gwadloup.

“Distraksyon yo ekate nou de responsabilite pou nou sèvi youn ak lòt. Se poutèt sa, se pou nou toujou fè atansyon avèk bagay nou ap patisipe yo. Sa nou fè yo kabap distrè nou epi, pafwa, bagay nou bliye fè yo kapab vin yon distraksyon nan lavi espirityèl nou: Sè Craven te afime sa pandan youn nan reyinyon yo avèk manm yo.”

Yo te rive Sen Vensan jou ki te 23 me a nan maten pou yon reyinyon fòmasyon sou kòman dirije ak dirijan Primè yo, Jèn fi yo, Sosyete Sekou ak Prètriz la nan ti zile sa, kay 683 manm legliz la.

Pwochen kote yo te kanpe se te Trinidad ak Tobago, kote tou de sè yo te konsole fanmi yo lakay yo epi yo te bay fòmasyon ak dirijan yo nan peyi sa tou.

“Tout bagay te trè byen; mwen te jwi moman an. kontantman yo ak fason yo te aji avèk timoun yo te yon bagay nou pat kabab kwè. Priyè yo te kite ak fanmim se yon bagay ke nou pa kapab bliye: Se komantè Devrani Barrios te fè nan Trinidad ak Tobago.

Taramatie Kotiah, yon lòt sè nan Trinidad, te deklare: Reyèlman mwen te rejwi lè nou te vizite kay yo. Sè yo te aji tankou yon zanmi pou nou, se kòmsi nou te gentan konnen youn ak lòt. Yo gen yon espri ki akeyan anpil. Yo te ansenye m de kisa sèvis ye an reyalite.”

Dènye kote yo te ale nan vwayaj entènasyonal la se te Pòtoriko, ki genyen plis pase 23,000 manm. Relasyon avèk dirijan oksilyè jeneral yo te yon moman rekonfòtan pou manm nan zile a.

“Mwen te renmen sa anpil ke yo te ban nou ekzanp la. Yo te ansenye nou kijan nou dwe kòmanse sèvi kounye a, paske sèvis kounye a se ansenye nan fason Sovè a: Sè Elizabeth Vasquez te di sa, nan Pòtoriko.

Lè nou wè ke dirijan sa yo te pran tan yo pou vin isit la pou pataje mesaj yo avèk nou, sa banm anpil kè kontan, paske sa montre konbyen yo renmen chak grenn nan nou, menm lè yo pa vrèman konnen non nou.”

Vwayaj sa te fèt aprè dènye Konferans Jeneral la, kote presidan Russell M. Nelson te anonse yon lòt fason diferan pou pran swen manm yo ki te rele: Sèvis Pastoral, yon objektif pèsonalize pou asiste ak bezwen tanporèl yo ak espirityèl Sen Dènye Jou yo. Li baze sou fleksibilite pou abòde bezwen yo ak sikonstans tout moun nan mond lan.

Sèvis se sa nap fè kounye a nan tout mond lan. Sèvis gen relasyon avèk lanmou ak pou vin yon zanmi pou yo epi pou envite lòt moun yo pou patisipe. Sa gen pou wè ak ede antre nou, youn ak lòt. Men sa ede nou menm tou pou vin plis tankou Sovè a lè nou renmen menm jan Li fè a. Epi se konsa sa te pote anpil bon rezilta nan vizit nou an, epi se de sa menm nou tap pale, sè Craven te deklare sa lè lap fini vwayaj nan Karayib la.