Mesaj Premye PREZIDANS LAN, Desanm 2013
Fanmi ak zanmi pou tout tan

Kèlkeswa kote w ap viv, ou gen zanmi ki ap chèche pi gwo bonè sa a ou jwenn nan viv levanjil retabli Jezikri a. Yo gen dwa pa kapab dekri bonè sa a an pawòl, men yo ka rekonèt li lè yo wè l nan lavi ou. Sa ap vin fè yo anvi sous bonè sa a, espesyalman lè yo wè ou fè fas ak eprèv menmjan avèk yo.
Ou santi w kontan lè w respekte kòmandman Bondye yo. Sa se fwi yo pwomèt nan viv levanjil la (gade Mozya 2:41). Ou pa obeyi kòmandman Senyè a fidèlman poutèt pou lòt moun ka wè, men moun ki wè bonè w yo ap prepare pa Senyè a pou yo tande bòn nouvèl Retablisman levanjil la.
Benediksyon ou resevwa yo kreye obligasyon ak opòtinite ekstraòdinè pou ou. Antanke yon disip Jezikri ki fè alyans, ou gen obligasyon pou w bay lòt moun yon opòtinite pou yo jwenn pi plis bonè, espesyalman zanmi w yo ak manm fanmi ou.
Senyè a te wè opòtinite ou e li te dekri obligasyon ou nan kòmandman sa a: “Se pou chak moun ki resevwa avètisman avèti pwochen l” (D&A 88:81).
Senyè a rann kòmandman sa a pi fasil pou obeyi atravè chanjman ki fèt nan kè nou lè nou aksepte ak viv levanjil Jezikri a. Kòm rezilta, lanmou nou pou lòt moun ogmante, ansanm avèk dezi nou pou yo gen menm lajwa sa a nou fè eksperyans la.
Yon egzanp sou chanjman sa a se fason nou akeyi chans pou ede nan travay misyonè Senyè a. Misyonè aplentan yo aprann byen vit ke yo ka resevwa yon repons antouzyas nan men yon moun ki vrèman konvèti lè yo mande l yon moun pou yo anseye. Yon moun ki konvèti gen gwo dezi pou zanmi li ak manm fanmi li pataje bonè l genyen an.
Lè dirijan misyon pawas ou oswa misyonè yo mande non yon moun pou yo anseye, sa se yon gwo konpliman pou ou. Yo konnen ke zanmi w yo wè lajwa ou epi, konsa, zanmi sa yo prepare pou yo tande ak chwazi pou yo aksepte levanjil la. Epi yo gen konfyans ke w ap rete kalite zanmi yo pral bezwen an lè yo vini nan wayòm nan.
Nou pa bezwen pè pou n pa pèdi zanmi lè nou envite misyonè yo pou rankontre yo. Mwen gen zanmi ki te rejte misyonè yo men ki vin remèsye m nan apre dèske m te ofri yo yon bagay yo te konnen ki te si presye pou mwen. Ou kapab fè amitye k ap dire pou tout tan lè w ofri levanjil la, ke yo wè ki pote lajwa pou ou a. Pa janm rate yon opòtinite pou envite yon zanmi e espesyalman yon manm fanmi pou chwazi pou suiv plan bonè a.
Pa gen pi gwo opòtinite pou envitasyon sa a pase nan tanp yo nan legliz la. Ladan yo, Senyè a kapab ofri òdonans sali yo pou zansèt nou yo ki pa t kapab resevwa yo lè yo t ap viv. Y ap gade nou avèk lanmou ak espwa. Senyè a pwomèt ke y ap gen opòtinite pou yo vini nan wayòm ni an (gade D&A 137:7–8), epi li plante yon lanmou pou yo nan kè nou.
Anpil nan nou konn santi lajwa nan ofri òdonans tanp yo pou lòt moun, menmjan nou santi l lè nou bay misyonè yo non moun pou yo rankontre. Nou konn santi yon pi gwo lajwa toujou lè nou fò òdonans pou zansèt nou yo. Yo te revele Pwofèt Joseph Smith ke bonè etènèl nou posib sèlman si nou ofri zansèt nou yo mwayen pou yo jwenn benediksyon sa a atravè òdonans pa pwokirasyon nan tanp yo (gade D&A 128:18).
Sezon Nwèl la pote nou medite nan kè nou sou Sovè a ak sou lajwa levanjil li a pote pou nou. Nou montre l gratitid nou lè nou ofri lòt moun lajwa sa a. Gratitid la vin tounen lajwa lè nou bay misyonè yo non moun ak lè nou pote non zansèt nou yo nan tanp. Prèv gratitid nou kapab fè zanmi ak fanmi k ap dire pou tout tan.
© 2013 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/13. Apwobasyon tradiksyon: 6/13. Tradiksyon First Presidency Message, December 2013. Haitian. 10672 036
Ansèyman nan mesaj sa a
Prezidan Eyring eksplike ke nou kapab montre gratitid nou pou Sovè a nan pataje levanjil la avèk lòt moun. Ou kapab diskite avèk moun w ap anseye yo sou fason kado levanjil la beni lavi yo. Panse pou envite yo pou yo idantifye atravè lapriyè moun yo ta renmen pataje don levanjil la avèk yo ak fason yo kapab fè sa.