2010
Chemen w pou al nan Tanp la
Okt. 2010


“Chemen w pou al nan Tanp la,” Lyawona, Okt 2010, 72–75

Pou Timoun

Chemen w pou al nan Tanp la

Èske w konnen ki tanp ki pi pre w? Desine yon foto tanp sa a, epi kwoke li kote w ap wè li chak jou.

Tanp la se kay Senyè a. Se yon kote nou aprann konsènan Pè Selès la, fè alyans (oswa pwomès) avèk Li, epi resevwa gran benediksyon. Nan tanp la, nou fè travay enpòtan pou tèt pa nou ak pou manm fanmi nou ki deja mouri. Travay ki fèt nan tanp la gen ladann batèm pou mò, dotasyon ak sèlman. Bagay sa yo rele òdonans tanp.

Sa k pase andedan Tanp la

Batèm pou Mò

Lè w gen uitan, ou kapab vin batize epi konfime kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Anpil nan zansèt ou yo te mouri san yo pa t batize ni konfime. Menmsi kò yo mouri, espri yo toujou vivan nan mond dèzespri a, kote yo kapab anseye yo levanjil Jezikri a.

Lè w gen 12 zan, ou kapab ale nan tanp epi ede moun sa yo kote w ap batize ak konfime nan non yo. Lè sa a, yo kapab chwazi si wi ou non yo vle aksepte batèm ak konfimasyon an. W ap abiye an blan lè w ap batize pou mò yo, menmjan ak lè w batize pou tèt pa w la.

Mande paran w pou ede w fè yon lis manm fanmi ki te mouri san yo pa t batize nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Chèche konnen si gen yon moun ki te ale nan tanp pou batize pou yo.

Dotasyon an

Youn nan pi gran benediksyon tanp yo se dotasyon an. Dotasyon vledi “don.” Lè w resevwa dotasyon w, ou kapab aprann plis sou plan sali a ak fè alyans. Alyans se pwomès nou fè avèk Pè Selès la. Pandan w ap kenbe alyans sa yo, w ap prepare pou w viv avèk Pè Selès la ak Jezikri yon jou.

Andedan tanp la gen yon bèl sal, trankil ki rele sal selès. Nan sal selès la nou santi nou pipre Pè Selès la ak Jezikri, epi nou santi yon ti kras nan jan l ap ye pou n viv avèk Yo nan wayom selès la.

Sele pou Letan ak Letènite

Lè yon gason ak yon fi marye nan tanp, yo mete ajenou devan yon lotèl epi yo sele yo pou letan ak pou tout letènite. Sa vledi ke yomenm ak pitit yo kapab ini ansanm kòm yon fanmi etènèl. Planifye pou w marye nan tanp yon jou. Se pigran benediksyon tanp la.

Rekòmandasyon Tanp la

Tanp la se yon kote ki sakre. Evèk ak prezidan branch yo asire yo ke moun k ap antre nan tanp yo pepare epi yo diy. Anvan w ale nan tanp la, w ap gen yon entèvyou espesyal avèk evèk ou oswa prezidan branch ou. L ap mande w si ou genyen yon temwayaj sou Legliz la, si ou gade kòmandman yo, si ou sipòte dirijan Legliz yo, obeyi Pawòl Sajès la, peye ladim, epi onèt nan tout sa w ap fè ak tout sa w ap di. L ap ede w pou w konnen sa pou w fè pou w vin diy pou w antre nan tanp la.

Prepare kounyeya pou w Antre nan Tanp la

Pè Selès la bay moun ki viv jis pou antre nan tanp yo anpil benediksyon. Li enpòtan pou w prepare pou w antre nan tanp la pandan ou jèn.

Pè Selès la renmen w e Li vle w resevwa benediksyon tanp yo. L ap beni w paske w akonpli òdonans tanp yo pou tèt pa w ak pou lòt moun. Byenke w petèt pa kapab antre nan tanp la kounyeya, si gen yon tanp ki tou pre w, ou kapab vizite lakou tanp la epi santi lespri ki kote sa a. Ou kapab mete yon foto tanp la nan fwaye w tou pou raple w jan tanp la enpòtan. Viv jis pou w kapab vin diy pou w antre nan kay Senyè a.

Gade nan glas ki nan foto sa a. Kèk sal sèlman gen glas tankou sa a. Gras ak sèlman nan tanp la, fanmi nou kapab kontinye pou tout tan, menmjan ak refleksyon nan glas sa a.

Gade sal selès la nan foto sa a ak nan foto ki nan paj 64 la. Kijan w santi w lè w wè yon sal selès?

Tanp Boston an nan Massachusetts. Konsakre le 1 Okt 2000.

Sal sèlman, Tanp Aba a nan Nijerya

Sal selès, Tanp Nuki’alofa nan Tonga.