2023
Mò yo Ap Prezante yo devan Bondye
Desanm 2023


“Mò yo Ap Prezante yo devan Bondye,” Pou Fòs Jèn yo, Des. 2023.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Desanm 2023

Mò yo Ap Prezante yo devan Bondye

Nan revelasyon li a, Jan te wè Dènye Jijman an.

Imaj
Jezikri

Li Retounen Pou L Gouvène ak Reye, Pa Mary Sauer

mò yo, piti ak gran, kanpe devan Bondye

Pouvwa Rezirèksyon Jezikri a rasanble tout moun nan prezans Bondye pou yo jije (gade Alma 11:42–44; 33:22; 40:21; Elaman 14:15–17; Mòmon 9:13–14).

liv yo te louvri

Liv sa yo reprezante rejis yo kenbe sou tè a sou sa moun fè sou tè a pou yo suiv chimen alyans lan (gade Doktrin ak Alyans 128:7).

liv lavi a

“Nan yon sans, Liv Lavi a se kantite panse ak aksyon yon moun—rejis lavi li. Pakont, ekriti yo di tou ke yo kenbe yon rejis selès sou moun ki fidèl yo, ki gen ladan non yo ak kont randi sou bon zak yo fè yo” (Gid Ekriti yo, “Liv Lavi a,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

jije

Jijman Final la fèt apre moun ki mouri yo resisite. Jezikri ap Jij chak grenn moun. Jijman sa a ap detèmine glwa etènèl chak moun ap resevwa. (Gade Gid Ekriti yo, “Jijman, Dènye a,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org; Alma 41:3–5; Doktrin ak Alyans 88:26–32.)

selon zèv yo

Y ap jije chak moun selon sa yo te fè ak sa yo te swete (gade Doktrin ak Alyans 137:9). Y ap jije yo kit yo te obeyi kòmandman Bondye yo kit yo te aji an amoni avèk kèlkeswa limyè ak laverite yo te resevwa nan lavi sa a.