2023
Pran Lespri a pou Gid Ou
Oktòb 2023


“Pran Lespri a pou Gid Ou,” Pou Fòs Jèn yo, Okt 2023

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Oktòb 2023

Pran Lespri a pou Gid Ou

Papa nou ki nan Syèl la te konnen ke nan mòtalite nou t ap gen pou nou fè fas ak pwoblèm, tribilasyon, ak panik; Li te konnen nou t ap gen pou nou lite anba kesyon, desepsyon, tantasyon, ak feblès. Pou ban nou fòs mòtèl ak gidans divin, Li ban nou Sentespri a.

Atravè tach divin, Lespri a enspire, temwaye, anseye ak ban nou enspirasyon pou nou mache nan limyè Senyè a. Nou genyen responsablite sakre pou nou aprann rekonèt enfliyans Li nan vi nou epi reponn.

Kijan nou fè sa?

Premyèman, nou fè efò pou nou viv diy de Lespri a.

Dezyèmman, nou dwe dispoze pou nou resevwa Lespri a.

Twazyèmman, nou dwe rekonèt Lespri a lè L vini.

Katriyèmman, nou dwe aji sou premye enspirasyon an.

Ke nou pran apèl Senyè a oserye pou nou “fè kè nou kontan, paske m ap dirije nou”(Doktrin ak Alyans 78:18). Li dirije nou atravè Sentespri a. Ke nou viv tou pre Lespri a, aji byen rapid sou premye enspirasyon nou yo, konesan ke yo soti nan Bondye. Mwen rann temwayaj sou pouvwa Sentespri a pou gide nou, veye sou nou, epi pou Li toujou avèk nou.