2023
Kounyeya Kris la Resisite
Septanm 2023


“Kounyeya Kris la Resisite”, Pou Fòs Jèn yo, Sept. 2023.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Septanm 2023

Kounyeya Kris la Resisite

Aprann Kijan Apot Pòl te anseye sou Rezirèksyon Jezikri.

Imaj
Jezikri resisite a

Kris Resisite a, pa Wilson J. Ong

kounyeya Kris la resisite

Jezikri te mouri sou lakwa, yo te mete li nan tonbo epi li leve soti anba lanmò sou twazyèm jou a.

premye fwi pami sa ki t ap dòmi yo

Mo Grèk yo itilize pou premye fwi a vle di permye rekòlt nan ane a. Se premye sa yo rekòlte—premye pami anpil lòt ki gen pou vini.

Fraz pami sa ki t ap dòmi yo vle di “sa ki te mouri yo.”

Jezikri sete premye moun ki resisite, e apre Rezirèksyon L la, tout moun ap resisite.

se nan men lèzòm lanmò soti

Sa a pale de Adan. Chit li vle di ke tout moun ki ta pral vini sou latè t ap mouri. (Gade Moyiz 4.)

nan Kris, tout moun ap vin vivan

Gras ak Rezirèksyon Jezikri a, tout moun ap resisite. Sa vle di ke tout moun ki te viv oswa ki gen pou viv ap resisite yon jou. Espri nou ap reyini ak kò nou, e kò nou ap vin pafè ak imòtèl. (Gade Alma 11:43–45.)