2023
Vin jwenn Li
Mas 2023


“Vin jwenn Li,” Pou Fòs Jèn yo, Mas 2023.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo Mas 2023

Vin jwenn Li

Sovè a envite nou pou nou depoze chay nou yo sou do Li.

Imaj
Jezikri

Ilistrasyon Annie Herrie Nader

Vini jwenn mwen

Nou kapab vin jwenn Sovè a lè nou aprann levanjil Li a, lè nou gen lafwa nan Li, lè nou fè ak respekte alyans, epi nan suiv egzanp Li.

travay… anba chay

Travay fizik ak chay fizik kapab fè nou bouke, men se menm bagay la pou chay mantal, emosyonèl ak espirityèl tou. Sovè a ofri nou lapè Li, kèlkeswa kalite chay n ap pote.

jouk

Yon jouk se yon zouti ki pèmèt nou kontwole de bèt ansanm pou yo ka rale yon chay ansanm, tankou yon kabwèt oswa yon charyo. Anjeneral, jouk la gen yon pout bwa ki repoze sou zepòl chak bèt, ki distribiye pwa a.

aprann

Nou kapab aprann konsènan Jezikri nan etidye ansèyman L yo ak egzanp Li—epi nan eseye suiv yo.

repo

Repo Sovè a se lapè Li, ki kalme lespri nou ak nanm nou. Li ede nou simonte enkyetid mond yo epi li bannou fòs espirityèl lè nou santi nou fèb.

fasil… pa lou/lejè

Pran jouk Sovè a sou zepòl nou vle di mare tèt nou avèk Li atravè alyans. Sa vle di bay Li menm ak travay a Li kè nou. Lè nou fè sa a, nou santi chay nou yo pi lejè paske L ap ede nou.