2023
Èske Nou Bezwen Pafè Kounyeya?
Fevriye 2023


“Èske Nou Bezwen Pafè Kounyeya?” Pou Fòs Jèn yo , Fev. 2023.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo , Fevriye 2023

Èske Nou Bezwen Pafè Kounyeya?

Imaj
jènjan k ap li ekriti yo

Ilistrasyon Emily E. Jones

Ekriti yo te ekri pou beni ak ankouraje nou, epi se sèten ke yo fè sa. Men, èske w remake ke tanzantan gen yon pasaj k ap parèt pou raple nou ke nou yon ti jan echwe? Pa egzanp: “Se pou nou pafè, menm jan Papa nou … ki nan syèl la pafè a” (Matye 5:48). Avèk kòmandman sa a, nou anvi al nan kabann nou epi rale dra kouvri tèt nou. Yon objektif selès konsa sanble yon bagay nou pa ka atenn. Men, se sèten ke Senyè a pa t ap janm bannou yon kòmandman Li ta konnen nou pa t ap ka respekte.

Imaj
yon jènfi ki kanpe ak yon parapli anba lapli a

Mowoni sipliye nou pou nou “Vin jwenn Kris la, e pèfeksyone nou nan li.” “Renmen Bondye avèk tout pouvwa nou, panse nou, ak fòs nou, , lè sa a … pou nou kapab vin pafè nan Kris la atravè gras li” (Mowoni 10:32; italik ajoute). Sèl espwa nou pou nou gen vrè pèfeksyon se nan resevwa l kòm yon don ki soti nan syèl la—nou pa kapab “genyen” l poukont nou.

Imaj
yon jènfi ki nan randone sou yon mòn avèk yon chyen

A leksepsyon Jezi, pa t gen okenn pèfòmans egzanplè nan vwayaj nou sou tè sa a, konsa, pandan nou nan mòtalite a, annou fè efò pou nou amelyore tèt nou konstamman epi evite mete espwa ki egzajere sou tèt nou ak sou lòt moun.

Imaj
yon bato sou yon lanmè ajite

Si nou pèsevere, enben, yon kote nan letènite a, amelyorasyon nou an ap fini epi l ap konplè—sa ki se siyifikasyon pèfeksyon nan Nouvo Testaman an.