2023
4 fason Jezikri Fòtifye Nou
Janvye 2023


4 fason Jezikri Fòtifye Nou,” Pou Fòs Jèn yo , Jan. 2023

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo , Janvye 2023

4 fason Jezi fòtifye Nou

M ka fè tout bagay atravè Krisla.
Filipyen 4:13

Imaj
Woche

Atravè tout mond lan, Kretyen yo rejwi nan ekriti sa a: “M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs”(Filipyen 4:13).

Lè moun yo tande sa, gen nan yo ki gen dwa panse ke l vledi yo kapab pase nenpòt tès, genyen nan nenpòt jwèt, epi fè tout rèv yo tounen reyalite. Men se pa sa ekriti sa a anseye.

Se Apot Pòl ki te ekri l pandan li te nan prizon. Antanke yon prizonye, gen anpil bagay Pòl pa t kapab fè, men li te konnen ke Jezikri te kapab ba l fòs pou l te rive fè sa ki te enpòtan an.

Se menmjan pou nou tou!

1 Kris la Ba Nou Fòs pou nou Konnen

Jezikri ba nou plizyè fason enpòtan pou nou rive konnen sa ki laverite. Li anseye nou pou nou toujou priye (gade 3 Nefi 18:18) epi mande pou nou konnen kisa ki laverite (gade Mowoni 10:4–5). Nou kapab jwenn ak konnen kisa ki laverite atravè etid ekriti yo tou.

Lapriyè ak etid ekriti yo ap mennen Lespri a nan lavi nou. Lespri a kapab pale avèk “Lespri nou e… ak kè nou” (Doktrin ak Alyans 8:2,), “ranpli nanm nou ak lajwa,” e “klere lespri nou” (Doktrin ak Alyans,11:13).

Nan fason sa yo, nou kapab “Tande Li”—tande pawòl Sovè a epi obsève sa Li di yo. Prezidan Russell M. Nelson te anseye ke sa se “modèl pou siksè, bonè, ak lajwa nan lavi sa a.”1

2 Kris la Fòtifye Nou Pou Nou Aji

N ap vin pi fò si nou fè tout efò pou nou obsève kòmandman yo ak fè bon chwa ki ap pote lapè ak bonè. Jezikri ba nou fòs pou nou fè sa menm lè chwa sa yo difisil pou nou fè. Dèfwa nou konn fè yon move chwa. Erezman, Sakrifis Ekspyatwa Sovè a rann repantans posib. Gras a Jezikri, nou kapab retounen pwòp epi jwenn lajwa. Li kapab ba nou fòs pou nou “ pi byen epi vin pi bon”2 chak jou.

3 Kris la Ba Nou Fòs pou Nou Simonte

Pandan l te nan prizon an, Pòl te ekri: “M aprann, nan lavi a, kontante tèt mwen ak sa m genyen.

“Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès: nan tout sikonstans mwen aprann” (Filipyen 4:11–12,)

Otremandi, Pòl te aprann ke, atravè Kris la, li kapab simonte eprèv ak difikilte l yo epi aprann de yo. Jezikri kapab ba nou fòs pou nou fè menm jan an tou!

Sovè a te soufri “lapenn ak afliksyon ak tout kalite tantasyon.” Li te pran enfimite nou yo sou tèt Li pou “li te kapab konnen… kòman pou l pote pèp li a sekou daprè enfimite yo” (Alma 7:11–12,). Kèlkeswa sa w ap travèse a, Jezikri kapab ba ou fòs pou w andire epi akonpli bagay ou pa t ap janm kapab rive fè poukont ou.

4 Kris la Ba Nou Fòs pou Nou Transfòme

Jezikri fè rezirèksyon an vin yon reyalite pou nou tout, epi Li fè lavi etènèl posib pou moun ki repanti, ki resevwa òdonans esansyèl yo, epi ki fè ak kenbe alyans ki mache avèk yo. San Kris la, nou pa t ap kapab akonpli sa Papa nou ki nan Syèl la vle plis la—pou nou vin menmjan avèk Li ak Pitit Gason L la, Jezikri, epi pou nou demere avèk Yo etènèlman.

Imaj
Jezikri

Nou kapab vini plis tankou Jezikri si nou aprann de Li, konte sou Li epi fè L konfyans, epi suiv egzanp Li. Sa ap pèmèt nou viv avèk plis lafwa, lespwa, charite, pasyans, imilite, pite, ak obeyisans. Sa yo se karakteristik Sovè a.

Pandan n ap efòse nou pou nou suiv Jezikri, Li ap sous lespwa nou ak limyè k ap gide nou pou nou ka vin tout sa Li konnen nou ka devni an. Epi, avèk Pòl, n ap kapab di, “M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs”.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, “Koute Li,” konferans jeneral Avril 2020 (Ensign oswa Liahona, Me 2020, 89).

  2. Russell M. Nelson, “Nou Ka Fè Pi Byen epi Vin Pi Bon,” konferans jeneral Avril 2019 (Ensign oswa Liahona, Me 2019, 67).