2021
Kijan m ka konnen ke m tande vwa Senyè a nan lavi m?
Fevriye 2021


“Kijan m ka konnen ke m tande vwa Senyè a nan lavi m?” Pou Fòs Jèn yo, 29 Fev. 2021.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo Fevriye 2021

Kijan m ka konnen ke m tande vwa Senyè a nan lavi m?

Imaj
jènjan k ap li ekriti yo

Prezidan Russel M. Nelson te envite nou pou nou “reflechi anpil e souvan” sou kijan nou tande Jezikri e pou nou “pran mezi pou nou tande Li pi byen e pi souvan” (“‘Kijan Ou fè #TandeLi?’ Yon Envitasyon Espesyal,” 26 Fev. 2020, blog.ChurchofJesusChrist.org).

Nou ka tande Li atravè ekriti yo ak pawòl pwofèt yo. Men, sa ki esansyèl la, se pa tande oswa li pawòl sa yo sèlman. Palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith, Senyè a te eksplike:

“Paske se vwa m ki di nou [pawòl sa yo]; paske se Lespri m ki ba nou yo … ;

“Se poutèt sa, nou kapab temwaye pou fè konnen nou te tande vwa m” (Doktrin ak Alyans 18:35–36).

Anplisdesa, chèche tande Li pa yon bagay nou ka fè rapid konsa. Prezidan Nelson te di, “Sa mande efò konsyan e san rete” (“Tande Li,” konferans jeneral Avril. 2020 [Ensign oswa Liahona, Me 2020, 89]).

Pandan w ap etidye, priye, adore, sèvi ak obeyi kòmandman Senyè a, L ap beni w avèk Lespri Li, epi, atravè Ekspyasyon Jezikri a, L ap chanje w. Apresa, w ap ka konnen ou te tande vwa Li.