“Rèn Estè” Zanmi, Out. 2026, 46–48.
Mesaj Mansyèl Zanmi, Out 2026
Rèn Estè
Estè sete yon Izrayelit, oubyen yon Jwif, ki te abite nan peyi Pès. Wa a te chwazi l pou l te vin rèn li.
Aman sete sèvitè wa a. Tout moun te oblije bese tèt devan li. Men, kouzen Estè a, Madoche, te bese tèt li devan Seyè a sèlman.
Aman te fache, li te di wa a ke Jwif yo pa t respekte lalwa. Wa a kite Aman fè yon nouvo lwa pou te touye tout Jwif yo.
Madoche mande Estè pou l t al pale avèk wa a konsènan chanje lwa Aman an, men Estè te pè. Pafwa wa a te konn touye moun ki te vin devan li san envitasyon.
Madoche te di Seyè a te siman mete Estè nan palè wa a jis pou sove Jwif yo.
Estè te konnen li te bezwen pale avèk wa a. Li te mande Jwif yo ansanm ak sèvitè l yo pou yo te jene avèk li.
Estè te fè jèn pandan twa jou. Lè li te al jwenn wa a, wa a te lonje baton li a. Sa te vledi li te kontan wè li. Estè te di wa a ke ni li ni pèp li a te gen pou yo te mouri poutèt lwa Aman an.
Wa a te fè yon nouvo lwa pou pwoteje Jwif yo. Lafwa Estè nan Seyè a ak kouraj li te sove pèp li.
Paj pou Kolorye
Mwen Kapab Pale Lòt Moun Konsènan Jezikri
Ilistrasyon pa Audrey Day. Ka kopye sèlman pou itilizasyon Legliz la
Avèk kiyès ou ka pataje levanjil la? Priye epi mande!
© 2026 by Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime Etazini Damerik. Apwobasyon Anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly The Friend Message, August 2026. Haitian Creole. 20058 036