Zanmi
Elize Geri Naaman
Jiyè 2026


“Elize geri Naaman,” Friend, Jiyè 2026, 46–48.

Mesaj Mansyèl Friend, Jiyè 2026

Elize Geri Naaman

Naaman k ap repoze, vlope nan pansman

Naaman sete yon kapitèn nan lame Siryen an. Li te gen yon maladi po ki rele lèp ki t ap fè l mal anpil.

Tifi sèvant k ap pale avèk madanm Naaman an

Madanm Naaman te gen yon sèvant ki sete yon tifi Izrayelit. Tifi a te gen lafwa nan Senyè a. Li te di si Naaman te vizite pwofèt Elize, Naaman t ap geri.

Naaman deyò kay Elize

Naaman te fè yon vwayaj byen long pou l te ale lakay Elize. Elize te voye sèvitè l la al di Naaman ke Senyè a t ap geri l si l te lave kò l sèt fwa nan rivyè Jouden an.

Naaman ki refize ale nan rivyè a

Naaman te fache paske li te vle pou pwofèt Senyè a te soti pou vin geri li. Naaman te plenyen dèske rivyè Jouden an pa te osi bon ke gwo rivyè nan peyi Siri yo.

Sèvitè k ap pale avèk Naaman

Men, sèvitè Naaman yo te mande Naaman poukisa li pa te vle fè tach senp pwofèt Senyè a te mande l fè a.

Naaman geri, ki kanpe nan rivyè a

Naaman te sispann aji ak ògèy epi li koute sèvitè l yo. Li te lave kò l sèt fwa nan rivyè Jouden an, epi Senyè a te geri li. Naaman te konnen Elize sete yon pwofèt epi Senyè a te reyèl.

Paj pou Kolorye

Ekriti yo Anseye Mwen pou M Suiv Jezikri

Paj PDF pou kolore ki montre de timoun k ap gade moun nan ekriti yo.

Ilistrasyon pa Audrey Day Ka kopye sèlman pou itilizasyon Legliz la

Ki istwa ekriti ki ede ou suiv Jezi?