2023
Bèje yo Vizite Ti Jezi
Desanm 2023


“Bèje yo Vizite Ti Jezi,” Zanmi, Des. 2023, 46–47.

Mesaj Mansyèl Zanmi, Desanm 2023

Bèje yo Vizite Ti Jezi

Imaj
Alt text

Ilistrasyon Apryl Stott

Yon aswè, yon zanj te vizite bèje yo nan yon chan. Zanj lan te di yo ke gen yon tibebe enpòtan ki te fèt. Non li se te Jezikri. Se li ki t ap Sovè pou tout moun nan mond lan. Gen plis zanj ki te vini. Yo t ap chante, “Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.”

Imaj
Alt text

Bèje yo te kouri al vizite ti Jezi. Yo te tèlman kontan wè Li!

Imaj
Alt text

Bèje yo te pale lòt moun de Jezikri. Yo te vle pou tout moun tande bon nouvèl la.

Paj pou Kolorye

Mwen Kapab Chante sou Jezikri

Imaj
alt text here

Ilistrasyon Apryl Stott

Mwen ka chante sou Jezi pou mwen selebre nesans Li.