“An Sekirite nan Dife a,” Friend, Okt. 2026, 46–48.
Mesaj Mansyèl Friend, Oktòb 2026
An Sekirite nan Dife a
Wa Nebikadneza bati yon gwo estati annò epi li fòse pèp li a adore l. Si yo te refize, yo t ap lage yo nan yon gwo fou dife.
Chadrak, Mechak ak Abèdnego te renmen Bondye epi yo pa te vle adore fo bondye wa a.
Twa zanmi yo te di wa a ke se Bondye sèlman yo t ap adore. Yo te kwè ke Bondye te ka pwoteje yo. Men, menm si Li pa t ap sove yo, yo t ap toujou defann sa yo te kwè.
Wa a te fache. Li fè voye zanmi yo jete nan gwo founo dife a. Men, lè wa a te voye je l gade nan founo a, li te sezi wè yon èt selès ki te nan dife a avèk twa mesye yo.
Wa a te rele Chadrak, Mechak ak Abèdnego epi yo te mache soti nan founo a. Dife a pa te boule yo ni menm boule rad yo.
Chadrak, Mechak ak Abèdnego te obeyi kòmandman Bondye yo, menm lè lavi yo te an danje. Egzanp yo te ede wa a kwè nan Bondye.
Paj pou Kolorye
Pwofèt yo Aple pou Yo Pale Pawòl Senyè a
Ilistrasyon pa Audrey Day. Ka kopye sèlman pou itilizasyon nan Legliz la.
Kijan ou suiv pwofèt la?
© 2026 pa Intellectual Reserve, Inc.All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon Anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Zanmi Message, October 2026. Haitian Creole. 20061 036