Zanmi
Rit ak Nawomi
Septanm 2026


“Rit ak Nawomi”, Zanmi Sept. 2026, 46–48.

Mesaj Mansyèl Zanmi, Septanm 2026

Rit ak Nawomi

Nawomi ak fanmi li

fanmi Nawomi te rete nan peyi Jida. Yo pa t gen ase manje paske te gen grangou, donk yo te al rete nan Mowab.

Nawomi, Rit ak Orpa youn ap konsole lòt

Nan Mowab, mari Nawomi a te mouri epi pitit gason l yo te marye avèk fi ki te rele Orpa ak Rit. Yo te pran swen Nawomi pou 10 zan. Men apre sa, mari Orpah ak Rit te mouri. Kounye a, fi yo te poukont yo.

Rit k ap mennen yon chamo Nawomi monte sou li.

Orpa te tounen lakay li. Men Rit te vle rete pou l te pran swen Nawomi. Rit ak Nawomi tande te gen rekòt ankò nan peyi Jida, konsa yo te vwayaje ale la.

Rit ap ranmase rès grenn nan yon jaden

Yo te rive pandan tan rekòt la. Bowaz ki set fanmi Nawomi te gen jaden. Li te kite Rit ranmase rès grenn yo pou yo te ka manje. Sete travay di.

Rit ak Bowaz ap pale

Bowaz te respekte Rit paske li t ap travay di epi li te fidèl anvè Nawomi ak Seyè a.

Rit ak Bowaz

Rit mande Bowaz pou l marye avè l. Bowaz te konnen Rit sete yon fi fidèl ak vètye. Li te dakò.

Nawomi, Rit, Bowaz ak yon ti bebe

Rit ak Bowaz te marye epi yo te fè yon ti gason. Anpil ane apre, Jezikri te fèt nan lineyaj fanmi sa a.

Paj pou Kolorye

Gras a Jezikri, mwen kapab repanti epi Mwen Kapab Vin Pwòp

Paj koloryaj PDF sou yon jèn gason k ap bay yon tifi sentsèn an pandan li chita sou yon ban

Ilistrasyon pa Audrey Day Ka kopye sèlman pou itilizasyon nan Legliz la.

Kisa ki ede w sonje pou w fè bon chwa?