2023
Premye Sentsèn nan
Jen 2023


“Premye Sentsèn nan,” Zanmi, Jen 2023, 46-47

Mesaj Mansyèl Zanmi, Jen 2023

Istwa nan Ekriti yo

Premye Sentsèn nan

Imaj
Jezi ki chita sou tab avèk Apot Li yo

Ilistrasyon Apryl Stott

Avan Li te mouri, Jezikri te reyini avèk Apot Li yo. Li te ba yo sentsèn nan.

Imaj
Jezi ki kenbe yon pen

Jezi te kase pen epi Li te bay yo li. Li te mande yo pou yo te manje li pou l te ka ede yo sonje Li te bay lavi Li pou yo.

Imaj
Jezi ki kenbe yon gode

Apre Jezi te ba yo yon gode. Li te mande yo pou yo te bwè ladan l. Sa t ap ede yo sonje Li tou.

Imaj
Premye Kretyen yo k ap pran sentsèn

Menm apre Jezi pa t ansanm avèk Apot Li yo ankò, sentsèn nan te ede yo panse avèk Li. Yo te kapab santi lanmou Li epi yote sonje pou yo te respekte kòmannman yo.

Paj pou Kolorye

Mwen kapab pran Sentsèn

Imaj
Yon ti gason k ap pran sentsèn

Ilistrasyon Apryl Stott

Lè m pran sentsèn nan, mwen kapab sonje Jezi avèk lanmou Li pou mwen.