2023
Jezi Leve Laza soti nan Lanmò
Avril 2023


“Jezi Leve Laza soti nan Lanmò,” Zanmi, Avril 2023, 46–47.

Mesaj Mansyèl Zanmi , Avril 2023

Jezi Leve Laza soti nan Lanmò

Imaj
Jezi chita ak Mari, Mat ak Laza

Ilistrasyon Apryl Stott

Mari ak Mat te genyen yon frè ki te rele Laza. Yo sete zanmi Jezikri.

Imaj
Jezi k ap bay Mari ak Mat akolad

Laza te vin malad anpil. Tousuit apre, li te mouri. Mari ak Mat te tris. Lè Jezi te vini, Li te kriye avèk yo.

Imaj
Jezi kanpe bò tonbo Laza a

Apresa Jezi te ale avèk yo nan tonbo Laza a. Li te di: “Laza, sòti deyò.”

Imaj
Jezi ede Laza soti nan tonbo lan

Laza te kanpe epi li te mache soti nan tonbo a. Li te tounen yon moun ki vivan ankò! Gras ak Jezi, nou tout ap viv ankò tou!

Paj pou Kolorye

Jezikri Vivan

Imaj
Paj pou kolorye timoun ki kenbe yon foto Jezi

Ilistrasyon Apryl Stott

Kijan w sonje Jezi nan peryòd Pak?