2023
Jezikri Kalme Tanpèt la
Mas 2023


“Jezikri Kalme Tanpèt la,” Zanmi, Mas 2023, 46–47.

Mesaj Mansyèl Zanmi Mas 2023

Jezikri Kalme Tanpèt la

Imaj
Jezikri k ap dòmi nan yon kannòt pandan disip Li yo ap gade lanmè a

Ilistrasyon Apryl Stott

Yon nuit Jezikri ak disip Li yo te travèse Lanmè a sou yon kannòt. Jezi te fatige epi dòmi te pran Li.

Imaj
Yon tanpèt te pouse kannòt la avèk Jezi ansanm ak disip Li yo

Yon tanpèt te leve. Vag yo te vin pi gwo, pi gwo! Disip yo te pè. Yo te reveye Jezi epi yo te mande L pou L te sove yo.

Imaj
Jezi k ap kalme tanpèt la

Jezi te kanpe epi L te di: “Lapè, ret trankil.” Van an te sispann. Dlo a te kalme.

Imaj
Yon ti gason ki kwaze bra l pandan je l fèmen

Lafwa mwen nan Jezikri kapab ban m lapè. Lè mwen pè, Jezi kapab ede m santi m kalm.

Paj pou Kolorye

Mwen Renmen Aprann sou Jezi

Imaj
paj pou kolorye yon jèn tifi k ap gade yon liv sou Jezi

Ilistrasyon Patricia Geis

Kisa w konnen sou Jezi?