2023
Jezi Geri yon Fi
Fevriye 2023


“Jezi Geri yon Fi,” Mesaj Mansyèl Zanmi , Fevriye 2023

“Jezi Geri yon Fi”

Mesaj Mansyèl Zanmi , Fevriye 2023

Jezi Geri yon Fi

Imaj
Jezi k ap mache nan yon lari

Ilistrasyon Apryl Stott

Yon jou, Jezi t ap mache nan yon lari ki te plen moun. Nan foul la, te gen yon fi ki te malad depi 12 lane.

Imaj
yon fi k ap touche rebò rad Jezi

Fi a te gen lafwa ke Jezi te ka geri li. Li te lonje men li epi l te touche rad Li. Li te geri tousuit!

Imaj
Jezikri

“Ki moun ki touche rad mwen an?” Jezi te mande. Fi a te pè. Li te mete ajenou devan Jezi epi li te di L sa ki te pase a.

Imaj
Jezi k ap pale avèk yon fi

Jezi te gen lanmou. Li te di, “Pran kouraj, mafi.” Li te di l ke li te geri paske li te gen lafwa.

Imaj
timoun ki nan yon bato

Mwen kapab gen lafwa nan Jezikri. Lanmou L kapab ede m ak pote lapè pou mwen.

Paj pou Kolorye

Mwen gen Lafwa nan Jezikri.

Imaj
yon manman ak pitit gason l k ap priye

Klike sou foto a pou telechaje li.

Ilistrasyon Apryl Stott

Kijan w montre lafwa w?