2022
Plizyè Non Jezi yo
Desanm 2022


“Plizyè Non Jezi yo”, Mesaj Mansyèl Zanmi Desanm 2022

“Plizyè Non Jezi yo”

Mesaj Mansyèl Zanmi Desanm 2022

Plizyè Non Jezi yo

Imaj
Ezekyèl ki ap ekri

Ilistrasyon Apryl Stott

Plizyè pwofèt te anseye sou Jezikri. Yo te di Li t ap fèt pou L montre nou kijan pou nou viv. Yo te itilize plizyè non pou anseye sou Li.

Imaj
Bib ak Liv Mòmon an

Pafwa nan Bib la, yo rele Jezi Emanyèl. Non sa a vle di “Bondye avèk nou.”

Imaj
Bib ki te enprime sou premye enprimri a

Yo rele Jezi Mesi atou. Mesi vle di “wen an.” Jezi te mouri pou nou pou n kapab viv avèk Bondye ankò.

Imaj
Joseph Smith k ap tradui Liv Mòmon an avèk Emma kòm grefye

Jezi se Sovè nou. Li sove nou anba peche ak lanmò.

Imaj
Jezikri
Imaj
fanmi k ap li ekriti yo

Yon lòt non Jezi se Prens Lapè. Lè nou gen laperèz oubyen nou an kolè, Li kapab ede nou santi lapè atravè Sentespri a.

Imaj
timoun avèk yon mesye sou chèz woulant ki ap li Bib la

Mwen renmen Jezikri. Mwen kapab aprann konnen sou lavi L ak lanmou Li nan Bib la.

Paj pou Kolorye

Mwen renmen Jezikri

Imaj
timoun ak enstriktè nan Primè

Klike sou foto a pou telechaje li.

Ilistrasyon pa Apryl Stott

Kijan ou montre w renmen Jezi?