2022
Sòm yo Pale de Jezikri
Out 2022


“Sòm yo Pale de Jezikri,” Mesaj Mansyèl Zanmi, Out 2022

“Sòm yo Pale de Jezikri”

Mesaj Mansyèl Zanmi, Out 2022

Sòm yo Pale de Jezikri

Imaj
David avèk yon gita

Ilistrasyon Apryl Stott

Sòm yo se chan sakre. Moun yo nan Bib la te ekri sòm yo pou yo te fè lwanj pou Bondye. Anpil nan sòm yo anseye sou Jezikri. Men sa kèk sòm ki nan Bib la anseye.

Imaj
Jezikri kanpe sou yon woche

Mwen renmen Senyè a. Li se woche mwen ak fòs mwen. M ap fè L konfyans. M ap fè lwanj pou Li.

Imaj
Jezikri kenbe yon ti mouton

Senyè a se Bèje Mwen. Li mennen mwen kote zèb yo pi bèl. Li mennen mwen kote dlo a koule poze. Mwen p ap pè anyen.

Imaj
Jezikri ki kenbe yon lanp

Senyè a se limyè mwen. Mwen p ap pè. M ap gen kouraj. L ap fè kè m solid.

Imaj
moun ki legliz

Mwen renmen Jezikri, e Li renmen m tou. Mwen kapab fè lwanj pou Li lè m aprann ak chante sou Li.

Paj pou Kolorye

Senyè a se Bèje Mwen

Imaj
Jezikri k ap pote yon ti mouton

Klike sou foto a pou telechaje l.

Ilistrasyon Apryl stott

Kijan w santi lanmou Jezi?