2022
Rit ak Naomi
Jen 2022


“Rit ak Naomi,” Mesaj Mansyèl Zanmi, Jen 2022

Rit ak Naomi

Mesaj Mansyèl Zanmi, Jen 2022

Rit ak Naomi

Imaj
Rit te vin marye, avèk fanmi Naomi

Ilistrasyon Apryl Stott

Naomi ak fanmi li te vini nan yon nouvo peyi akoz famin. Yo te rankontre yon jèn fi ki te rele Rit. Rit te marye avèk pitit gason Nawomi an.

Imaj
Rit ansanm ak mari l ki prèske mouri

Apresa, mari Rit la te mouri. Rit te tris anpil.

Imaj
Naomi

Naomi te tris anpil tou. Li pa t gen okenn fanmi ankò pou te pran swen li. Li te deside retounen nan peyi kote li te fèt la.

Imaj
Naomi ak Rit

Naomi te di Rit pou l te retounen nan fanmi li. Men Rit te renmen Naomi. Li te pwomèt pou l te vini avèk Nawomi epi pou l te pran swen li.

Imaj
Rit k ap rekòlte

Rit ak Naomi te pòv. Konsa, Rit te travay di pou l te jwenn manje pou yo te manje.

Imaj
Boaz ak Rit nan jaden an

Yon jou, yon mesye ki te rele Boaz te wè Rit ki t ap rekòlte rès ble nan youn nan jaden l yo.

Imaj
Boaz ak yon sèvitè

Boaz te janti. Li te di travayè l yo pou yo te kite manje anplis pou Rit.

Imaj
Rit, Boaz ak Naomi, ki kenbe yon tibebe

Annapre, Rit ak Boaz te marye. Yo te gen yon pitit gason. Naomi te ede pran swen li.

Imaj
fanmi k ap sèvi manje

Mwen ka ede pran swen lòt moun. Mwen ka janti avèk moun ki nan bezwen.

Paj pou Kolorye

Mwen Ka Pran Swen Lòt Moun

Imaj
timoun ki ansanm ak gran papa yo

Klike sou foto a pou telechaje l.

Ilistrasyon Apryl stott

Kimoun ki ka ede w?