2022
Jozèf Prepare pou Tan Difisil yo
Mas 2022


“Jozèf Prepare pou Tan Difisil yo,” Mesaj Mansyèl Zanmi , Mas 2022

“Jozèf Prepare pou Tan Difisil yo”

Mesaj Mansyèl Zanmi Mas 2022

Jozèf Prepare pou Tan Difisil yo

Imaj
Jozèf kanpe devan Farawon

Ilistrasyon Apryl Stott

Joseph sete yon pwofèt. Li te viv nan peyi Lejip. Yon lannuit, Farawon an, wa peyi Lejip, te fè yon rèv ki te etranj. Li te mande Jozèf kisa rèv la te vle di.

Imaj
yon timoun ki gen yon bòl vid nan men l

Bondye te ede Jozèf konprann rèv la. Pandan sèt lane, pèp la t ap gen ase manje pou yo manje. Apresa, pandan sèt lane, yo pa t ap gen ase manje. Jozèf te di Farawon sa.

Imaj
Jozèf k ap estoke ble nan peyi Lejip

Jozèf te di ke yo te dwe sere manje depi kounyeya. Apresa yo t ap pare pou tan difisil yo. Farawon te mete Jozèf responsab pou l te sere manje. Jozèf te travay di.

Imaj
Jozèf k ap distribye ble bay moun

Lè sèt lane grangou yo te rive, pèp la te gen ase manje pou yo te manje. Yo te menm gen ase pou yo te pataje avèk lòt moun.

Imaj
fanmi k ap mache al nan yon legliz

Mwen ka prepare kounyeya. Avèk èd Bondye, mwen ka simonte tan difisil yo!

Paj pou Kolorye

Pè Selès la ap wde m nan moman difisil yo

Imaj
frè ak sè k ap fè babay

Klike sou foto a pou telechaje l.

Ilistrasyon Apryl stott

Kilè Pè Selès la te ede w?