2022
Abraram ak Sara
Fevriye 2022


“Abraram ak Sara,” Mesaj Mansyèl Zanmi Fevriye 2022

“Abraram ak Sara”

Mesaj Mansyèl Zanmi, Fevriye 2022

Abraram ak Sara

Imaj
Abraram ak Sara nan yon tant

Ilistrasyon Apryl Stott

Abraram sete yon pwofèt. Bondye te fè yon alyans avèk Abraram ansanm ak madanm ni, Sara.

Imaj
Abraram ak Sara ki tou tris

Bondye te pwomèt pou l te beni yo. Li te di yo ke yo t ap fè pitit. Abraram ak Sara te pwomèt pou yo te suiv Bondye.

Imaj
Abraram ak Sara

Abraram ak Sara te kenbe pwomès yo a. Men yo pa t gen okenn pitit pandan yon bon bout tan. Yo te kòmanse ap vin plis an plis vyeyi.

Imaj
Abraram ak Sara ansanm ak tibebe Izaak

Finalman, lè Abraram te gen 100 tan epi Sara te gen 90 zan, yo te fè yon tigason. Yo te rele l Izaak. Yo te konnen ke Bondye te beni yo.

Imaj
timoun k ap plante semans

Mwen ka fè Bondye konfyans. Pafwa, se pa tousuit ou jwenn benediksyon. Men Bondye toujou kenbe pwomès Li.

Paj pou Kolorye

Mwen Ka Fè Bondye Konfyans

Imaj
yon timoun k ap priye

Klike sou foto a pou telechaje l.

Ilistrasyon Apryl stott

Kijan Papa nou ki nan Syèl la te ede w lè w te gen laperèz oswa lè w te tris?