2010–2019
Nou pa janm poukont nou
Oktòb 2013


Nou pa janm mache poukont nou

Yon jou nou pral gen okazyon pou nou gade dèyè epi repase moman difisil lavi nou yo, e nou va rann nou kont ke li te toujou la, bò kote nou.

Chè sè m yo, lespri nou santi aswè a se yon reflè fòs nou, devouman nou ak bonte nou. Pou m site Mèt la: “Nou se sèl tè a. … ... Nou se limyè mond lan.”1

Pandan m t ap reflechi sou opòtinite pou adrese nou an, mwen te raple m lanmou chè madanm mwen, Frances, te genyen pou Sosyete Sekou. Pandan tout lavi li, li te sèvi nan plizyè pozisyon nan Sosyete Sekou. Lè li menm avèk mwen te gen sèlman 31 an, yo te aple m kòm prezidan Misyon Kanadyen an. Pandan twazan tach sa a te dire a, Frances te prezide sou tout Sosyete Sekou yo nan gwo zòn sa a, ki te konpoze pa pwovens Ontario ak Québec. Kòm rezilta tach sa a, li te rankontre moun ki te vini tounen kèk nan pi bon zanmi l te genyen, menmjan ak nan plizyè lòt apèl li te ranpli nan Sosyete Sekou pawas pa nou an. Li sete yon pitit fi fidèl Papa nou ki nan Syèl la, konpay byeneme mwen, ak pi bon zanmi mwen. Mwen sonje l plis pase mo kapab eksprime.

Mwen menm tou, m renmen Sosyete Sekou. Mwen temwaye nou ke li te òganize pa enspirasyon epi li se yon pati enpòtan nan Legliz Senyè a isit la sou tè a. Li t ap enposib pou n kalkile tout byen ki soti nan òganizasyon sa a ak tout lavi ki beni gras

Sosyete Sekou konpoze pa yon kantite fi varye. Genyen nan nou ki selibatè --- petèt ki lekòl toujou, petèt k ap travay --- men ki ap fòje yon lavi rich ak ranpli. Gen nan nou ki se manman okipe ki gen timoun k ap grandi. Gen lòt nan nou ki pèdi mari yo akoz divòs oswa lanmò epi k ap lite pou elve pitit nou san èd yon mari ak yon papa. Gen nan nou ki fin elve pitit nou men ki reyalize ke yo toujou bezwen èd nou. Gen anpil nan nou ki gen paran aje ki mande bon jwen swen eman ke sèlman nou menm ka bay.

Kèlkeswa kote nou ye nan lavi a, gen moman kote nou tout gen pwoblèm ak difikilte. Byenke yo diferan pou nou chak, nou tout genyen.

Anpil nan pwoblèm n ap rankontre egziste paske n ap viv nan mond mòtèl sa a, ki peple pa tout kalite moun. Pafwa, nan dezespwa, nou mande: “Kijan m ka kenbe tèt mwen fikse sou mond selès pandan m ap navige nan mond selès sa a?”

Ap gen moman kote nou pral mache sou yon chemen ki ranpli ak pikan e ki ranpli ak lit. Gen dwa gen moman kote nou santi nou elwaye--menm izole---de Moun ki ba nou tout bon don an. Nou sousye pou nou pa mache poukont nou. Laperèz ranplase lafwa.

Lè nou twouve tèt nou nan sitiyasyon sa yo, mwen priye nou pou nou sonje lapriyè. Mwen renmen pawòl sa yo Prezidan Ezra Taft Benson di konsènan lapriyè a:

“Pandan tout lavi m, mwen te apresye konsèy pou apiye m sou lapriyè a pase tout lòt konsèy mwen te ... resevwa. Sa te vin fè pati entegral mwen---yon ankraj, yon sous fòs konstan, ak baz konesans mwen sou bagay divin yo. …

“…Menmlè bagay ki pa bon rive, nan lapriyè nou ka jwenn reyasirans, paske Bondye ap mete lapè nan nanm nou. Lapè sa a, espri serenite sa a, se pi gwo benediksyon lavi a.”2

Apot Pòl te konseye:

““Fè Bondye konnen bezwen nou.

“Epi lapè Bondye, ki depase tout entelijans, va kenbe kè nou ak panse nou fèm nan Jezikri.”3

Ala yon bèl pwomès! Lapè se sa n ap chèche, se sa nou grandman dezire.

Yo pa mete nou sou tè a pou nou mache poukont nou. Ala yon sous pouvwa, fòs, ak rekonfò fòmidab ki disponib pou nou chak! Li menm ki konnen nou pi byen pase nou konnen tèt nou an, li menm ki wè gwo imaj la, e ki konnen fen an depi nan kòmansman an, asire nou ke l ap la pou ede nou si nou mande. Nou gen pwomès sa a: “Priye tout tan, epi kwè, epi tout bagay ap travay ansanm pou byen nou.”4

Lè n ap fè priyè nou yo monte al jwenn Bondye, annou pa bliye pawòl Sovè a te anseye nou yo. Lè l t ap fè fas ak agoni atwòs Jetsemani an ak kwa a, li te priye Papa a: “Se pa volonte m ki pou fèt, men volonte pa ou.”5 Kèlkeswa jan sa ka difisil pafwa, nou dwe gen konfyans ke Papa nou ki nan Syèl la konnen ki pi byen kijan, kilè, ak ki fason pou l ba nou èd n ap chèche a.

Mwen renmen pawòl sa yo powèt la ekri yo:

Mwen pa konn kijan, se yon gran mistè,

Men mwen konnen Bondye reponn priyè.

Mwen konnen li bay pawòl li,

Ki di m ke li toujou tande priyè m yo,

E l ap reponn yo, vit oubyen apre.

Konsa, mwen priye epi m ret tann.

Mwen pa konn si benediksyon m mande a

Ap vini fason m espere a;

Men mwen adrese priyè m a li menm sèlman,

Paske sajès li pi gran pase pa mwen,

Paske m asire ke l ap reponn jan m vle a,

Oubyen voye yon repons ki pi bon toujou.6

Sètènman, lapriyè se pa bagay pou nou fè sèlman nan tan difisil. Yo repete nou souvan nan ekriti yo pou nou “toujou priye”7 epi pou n pa sispann priye nan kè nou.8 Pawòl yon chan nou byen konnen poze yon kesyon nou chak ta dwe poze tèt nou chak jou: “As-tu prié?”9

Asosye avèk lapriyè, nou gen etid ekriti yo pou ede nou fè fas ak mond souvan difisil nou an. Pawòl verite ak enspirasyon nou jwenn nan kat liv kanonik nou yo gen anpil anpil valè pou mwen. Mwen pa janm bouke li yo. Mwen toujou espirityèlman edifye lè m sonde ekriti yo. Pawòl laverite ak lanmou sakre sa yo ban m gidans pou lavi m e yo montre m chemen ki mennen nan pèfeksyon etènèl.

Lè nou li ekriti yo epi nou medite sou yo, n ap vin santi chichotman dous Lespri a nan nanm nou. Nou ka jwenn repons pou kesyon nou yo. Nou aprann benediksyon ki soti nan obeyi kòmandman Bondye yo. Nou akeri yon temwayaj asire konsènan Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an, Jezikri, ak lanmou yo pou nou. Lè nou konbine l avèk priyè nou yo, nou ka vin konnen ak sètitid ke levanjil Jezikri a vrè.

Prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Se pou Senyè a beni nou chak pou nou kapab fè festen ak [pawòl] sakre l yo epi pou nou jwenn ladan [yo] fòs sa a, lapè sa a, ak konesans sa a ki depase tout konpreyansyon an’ (Filip. 4:7).”10

Si nou sonje priye epi nou pran tan pou n li ekriti yo, lavi nou ap vin enfiniman pi beni epi fado nou yo ap vin pi lejè.

Kite m pataje avèk nou yon istwa sou fason Papa nou ki nan Syèl la te reponn priyè ak siplikasyon yon fi epi te pote lapè ak asirans li te si dezespereman bezwen an pou li.

Pwoblèm Tiffany te kòmanse ane pase pandan l te gen envite lakay li pou fèt Aksyon degras la epi ankò pou Nwèl. Mari li t ap etidye pou l te vin doktè epi kounyeya li te nan dezyèm ane rezidans li. Paske li te oblije pase pil tan ap travay, li pa t kapab ede Tifany otan yo toulède ta renmen, epi konsa, pifò nan sa k te bezwen fèt pou sezon fèt la, anplis pran swen kat timoun piti, te tonbe sou do Tiffany. Li te vin santi l depase, epi apresa li te aprann ke yo te fèt dekouvri yon moun ki te chè pou li te gen kansè. Anksyete ak sousi te kòmanse frape l anpil, epi li te tonbe nan yon peryòd dekourajman ak depresyon. Li te chèche èd medikal, men, anyen pa t chanje. Apeti l te disparèt, epi li te kòmanse pèdi pwa, sa ki pa t bon pou fizik li ki te deja tou piti. Li te chèche lapè nan ekriti yo epi l te priye pou l te ka delivre anba depresyon sa a ki te anvayi l la. Lè ni lapè ni èd pa t vini, li te kòmanse santi Bondye te abandone l. Fanmi l ak zanmi li te priye pou li epi yo te dezespereman eseye pou ede. Yo te pote manje l te pi renmen yo pou te eseye kenbe sante fizik li, men se sèlman kèk ti bouche li te ka pran, epi apresa li pa t kapab fini manje yo.

Yon jou patikilyèman difisil, yon zanmi te eseye san siksè pou atire l avèk manje li te toujou renmen. Lè anyen pa t mache, zanmi an te di: “Siman gen yon bagay ou santi k ka bon pou ou.”

Tiffany te panse pandan yon timoman epi l te di: “Sèl bagay m ka panse ki sonnen byen se pen ki fèt lakay.”

Men pa t gen pen sou lamen.

Nan demen aprèmidi, pòt kay Tiffany te sonnen. Mari l te lakay la epi l t al reponn. Lè l te retounen, li te pote yon gwo pen ki fèt lakay. Tiffany te etone lè mari a te di l ke sete yon fi ki te rele Sherrie ke l pa t menm byen konnen ki te pote l. Fi a sete yon zanmi Nicole, sè Tiffany, ki t ap viv nan Denver, Colorado. Yo te prezante Sherrie bay Tiffany ak mari li brèfman kèlke mwa anvan sa kote Nicole ak fanmi li te lakay Tiffani pou :Thanksgiving’. Sherrie, ki t ap viv nan Omaha, te vin lakay Tiffany pou l te vin wè Nicole.

Kounyeya, dè mwa apre, avèk bèl pen sa a nan men l lan, Tiffani te rele sè li Nicole pou te di l mèsi paske l te voye Sherri vin fè yon bagay si charitab konsa. Men, li te aprann ke se pa t Nicole ki te voye l e Nicole pa t menm konn anyen.

Tiffany te vin aprann rès istwa a lè Nicole t al tcheke Sherrie pou l te ka konnen kisa k te pouse l delivre pen sa a bay sè l la. Sa l te aprann nan sete yon enspirasyon pou li, pou Tiffany, pou Sherrie---epi se yon enspirasyon pou mwen tou.

Jou maten sa a yo te vin pote pen an, Sherrie te santi l pouse pou l te fè de pen olye de youn li te planifye pou l te fè. Li te di l te santi l pouse pou l te pran dezyèm pen an mete nan machin li jou sa a, malgre l pa t konn poukisa. Apre l te fin manje kay yon zanmi, ti pitit fi ennan l lan te kòmanse kriye e l te bezwen al lakay li pou l al dòmi. Sherrie te ezite lè yon santiman klè te vin nan li ke l te bezwen al delivre dezyèm pen sa a bay Tiffany, sè Nicole la, ki t ap viv 30 minit nan lòtbò vil la e li pa t menm byen konnen l. Li te eseye repouse santiman an, li te anvi mennen tipitit fi l la ki te fatige a al lakay li e li te santi l yon ti jan anbarase pou l t al pote yon pen bay moun ki sete prèske etranje pou li. Men, enpresyon pou ale kay Tiffany an te fò anpil, konsa li te koute enspirasyon an.

Lè l te rive, mari Tiffany an te vin reponn nan pòt la. Sherrie te raple l ke l sete zanmi Nicole ke l te rankontre brèfman pou Thanksgiving, li te lonje pen an ba li, epi l t ale.

Epi konsa, sa te rive ke Senyè a te voye pratikman yon etranje travèse vil la pou vin pote pa sèlman pen Tifany te vle a, men yon mesaj lanmou klè pou Tifani tou. Sa k te rive a, nou pa ka eksplike l nan okenn lòt fason. Tiffany te gen yon bezwen ijan pou l pa t santi l poukont li---pou l te santi ke Bondye sousye pou li e l pa abandone li. Pen sa a---egzakteman sa l te bezwen an---te delivre pa yon moun li pa t menm byen konnen, yon moun ki pa t gen okenn konesans de bezwen li, men ki te koute enspirasyon Lespri a epi te suiv enspirasyon sa a. Sa te vin yon prèv klè pou Tiffany ke Papa nou ki nan Syèl la sousye pou bezwen li epi renmen li ase pou l te voye èd pou li. Li te reponn kri l te fè pou mande sekou a.

Chè sè m yo, Papa nou ki nan Syèl la renmen nou---nou chak. Lanmou sa a pa janm chanje. Li pa enfliyanse pa aparans nou, pa sa nou posede, oubyen pa kantite lajan nou genyen nan kont nou labank. Li pa chanje pa talan nou ak kapasite nou. Li senpleman la. Li la pou nou lè nou tris oubyen nou kontan, lè nou dekouraje oswa nou gen espwa. Lanmou Bondye la pou nou keseswa nou merite lanmou sa a ou pa. Li tou senpleman la.

Si nou chèche pwoche Papa nou ki nan Syèl la atravè priyè sensè, fèvan, epi nou lage nou nan etid ekriti yo, temwayaj nou ap vin pi solid ak pi byen anrasinen. N ap konnen amou Bondye pou nou. N ap vin konprann ke nou pa janm mache poukont nou. Mwen pwomèt nou ke yon jou nou va panse sou lavi nou pou nou gade moman difisil nou yo, epi nou va reyalize ke li te toujou la bòkote nou. Mwen te santi sa lè lanmò konpay etènèl mwen an—Frances Beverly Johnson Monson.

M ap kite nou avèk benediksyon mwen. M ap kite nou avèk rekonesans mwen pou tout byen n ap fè ak pou lavi n ap dirije yo. Mwen priye pou nou jwenn benediksyon resevwa tout bon don ki genyen, nan non Sovè nou ak Redanmtè nou an, Jezikri, Senyè a, amèn.