2010–2019
Nou gen gwo rezon pou nou rejwi
Oktòb 2013


Nou gen gwo rezon pou nou rejwi

Lè nou renmen lòt moun, nou veye sou yo epi nou sèvi yo nan fason senp, nou aktivman patisipe nan travay sali a.

Lè bòpè m te mouri, fanmi nou te reyini ansanm pou n te resevwa lòt moun ki te vin prezante kondoleyans yo. Tout sware a, pandan m t ap pale avèk fanmi ak zanmi, m te souvan remake pitit gason pitit fi m nan, Porter, ki te gen dizan, ki te kanpe tou pre bèlmè mwen---ki se “gran grann” ni. Pafwa li te kanpe dèyè li, ap veye sou li. Yon fwa m te remake l te pase bra l nan bra gran grann ni. Mwen te wè l ap jantiman touche men li, ba l ti akolad, e kanpe bò kote li.

Plizyè jou apre eksperyans sa a, m pa t ka retire imaj sa yo nan tèt mwen. Mwen te santi m pouse pou m te voye yon nòt bay Porter, pou m te di l sa m te wè a. M te voye yon mesaj ba li e m te di l sa m te wè ak sa m te santi. M te raple Porter alyans li te fè lè l te batize a, kote m te site pawòl Alma yo nan Mozya chapit 18:

“Kounyeya, etandone nou vle antre nan twoupo Bondye a, pou nou pote non pèp li a, e nou vle youn pote chay lòt, pou yo kapab vin lejè;

“Wi, nou vle kriye ak moun k ap kriye yo; wi, konsole moun ki bezwen konsolasyon, e pou nou sèvi kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote nou ta kapab ye, menm jistan lè nou mouri, …, pou nou kapab gen lavi etènèl—

“… Si se dezi kè nou, kisa ki anpeche nou batize nan non Senyè a, kòm yon temwayaj devan l pou nou montre l nou te fè alyans avèk li, n ap sèvi l e n ap respekte kòmandman l yo, pou l kapab vide Lespri l sou nou avèk plis abondans?”1

Mwen te eksplike Porter ke Alma te anseye ke moun ki vle batize yo bezwen dispoze pou yo sèvi Senyè a nan sèvi lòt moun---pou tout lavi yo! M te di: “M pa konn si w reyalize sa, men sa w te fè pou gran grann ou an, fason ou te montre lanmou ak sousi pou li a, sete kenbe alyans ou. Nou kenbe alyans nou chak jou lè nou bon, lè nou montre lanmou, ak lè nou youn pran swen lòt. Mwen jis vle fè w konnen k m fyè de ou paske ou se yon moun ki kenbe alyans! Ou se yon bon jènjan. Si ou kenbe alyans ou te fè lè w te batize a, w ap vin diy ak prepare pou w òdone nan prètriz la. Alyans adisyonèl sa a ap ba ou plis opòtinite pou w beni ak sèvi lòt moun epi l ap ede ou prepare pou alyans ou pral fè nan tanp yo. Mèsi dèske ou se yon si bon egzanp konsa pou mwen! Mèsi dèske w montre m kisa sa vle di pou yon moun kenbe alyans!”

Porter te reponn: “Granma, mèsi pou mesaj la. Lè m t ap anbrase gran grann mwen an, m pa t konnen ke m t ap kenbe alyans mwen yo, men m te santi m cho nan kè m e m te santi m vrèman byen. M konnen sete Sentespri a ki te nan kè mwen.”

Mwen te santi m cho nan kè m tou lè m te reyalize ke Porter pa t konekte kenbe alyans li avèk pwomès pou “toujou gen Lespri li avèk [nou] an”2—yon pwomès ki rann posib pa mwayen resevwa don Sentespri a.

Sè m yo, pandan m ap vizite nou toupatou nan mond lan, mwen wè anpil nan nou menmjan ak Porter. Silansyezman, nou kanpe kòm temwen Bondye, ap kriye ak moun k ap kriye, e konsole moun ki bezwen konsolasyon, san nou pa menm reyalize ke se alyans nou te fè nan dlo batèm yo ak sa nou fè nan tanp yo n ap kenbe. Lè nou renmen lòt, nou veye sou yo, e nou sèvi yo, nan ti fason senp yo, nou ap aktivman patisipe nan travay sali a, travay Bondye “pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” nan.”3

Antanke “pitit fi nan wayòm Senyè a,”4 nou fè alyans sakre. N ap mache nan sa Nefi rele “chemen etwat ak kwense a, ki mennen nan lavi etènèl la.”5 Nou tout nan plas diferan sou wout la. Men nou kapab travay ansanm pou youn ede lòt “avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout moun.”6

Jeanne ap sèvi kòm konseyè nan Jènfi. Sa gen kèlke mwa, li te aprann ta pral gen yon aktivite pou jèn yo nan pawas la: monte yon mòn pou ale nan yon kote ki rele Pic Malan an. Li te eksite paske li te fèk fikse bi pou l te monte mòn sa a.

Lè l te rive nan derapman santye a, zanmi li, Ashley, te pwoche kote li. Li te pase bra l nan bra Jeanne, epi li te ofri pou l te monte mòn nan avèk li, li te di: “M prale avèk ou.” Ashley, ki te gen 16 an nan epòk la, te gen kèk pwoblèm fizik ki te fè l difisil pou l te monte mòn nan vit. Konsa li menm ak Jeanne te mache dousman, ap admire kreyasyon Papa nou ki nan Syèl la yo: wòch yo sou tèt mòn nan anlè yo a, flè yo ki te antoure yo. Nan apre, Jeanne te di: “Sa pa t pran m lontan pou m te bliye bi m te genyen pou monte anlè mòn nan, paske sa te vin yon lòt kalite avanti pou mwen---yon avanti pou montre bote toutolon chemen an, anpil bagay ke m t ap rate si m te jis monte ale nan tèt Pic Malan an.”

Pandan Jeanne ak Ashley te kontinye ap monte mòn nan, byen lwen dèyè rès gwoup la, Ema, yon lòt jènfi nan pawas la, ki te deside pou l tann yo pou l te mache avèk yo, te vin jwenn yo. Emma te ajoute sou kontantman yo te genyen an. Li te anseye yo yon chan e li te pote plis sipò ak ankourajman. Jeanne rakonte: “Nou te chita epi nou te poze, nou te chante, nou te pale, e nou te ri. M te kapab vin aprann konnen Ashley ak Emma nan yon fason m pa t ap kapab konnen yo otreman. Jou swa sa a, se pa t osijè mòn nan---sete plis, plis pase sa. Sete osijè youn ede lòt sou chemen an, yon etap alafwa. Gen moman nan lavi nou kote nou mete yon bagay ki bon akote pou n ka jwenn yon bagay pi bon.”

Pandan Jeanne, Ashley, ak Emma t ap monte mòn nan epi chante ak repoze ak ri ansanm nan, yo siman pa t panse: “Se alyans nou n ap kenbe la a.” Men sete alyans yo yo t ap kenbe. Yo chak t ap sèvi lòt avèk lanmou, konpasyon, angajman, ak lwayote, epi yo chak t ap fòtifye lafwa lòt pandan youn t ap ankouraje, soutni, ak sèvi lòt la.

Èldè Russell M. Nelson te anseye: “Lè nou reyalize ke se pitit alyans nou ye, nou konnen kiyès nou ye ak kisa Bondye ap tann nan men nou. Lwa li ekri nan kè nou.”7

Maria Kuzina se yon pitit fi alyans Bondye ki konnen kiyès li ye ak kisa Bondye ap tann nan men li. Lè l te resevwa m lakay li nan Omsk, nan Larisi, m te panse ke m te vini pou sèvi li, men, m te reyalize byen vit ke m te vini pou aprann nan men li. Marina se yon konvèti nan legliz la, k ap viv sou direksyon nou jwenn nan Lik 22: “Lè ou konvèti, fòtifye frè w yo.”8 Li gen lafwa nan pawòl pwofèt vivan nou an, Prezidan Thomas S. Monson, ki te di:

“Moman an rive pou manm yo ak misyonè yo ini ansanm, pou yo travay ansanm, pou yo travay nan jaden Senyè a pou pote nanm ba li. …

“…Mwen temwaye ke si nou aji ak lafwa, Senyè a ap montre nou kijan pou nou fòtifye legliz li a nan pawas ak branch kote n ap viv yo. L ap avèk nou e l ap vin yon patnè aktif nan travay misyonè nou.

“… Egzèse lafwa nou .... lè nan lapriyè, n ap mande tèt nou kiyès nan fanmi nou, zanmi nou, vwazen nou, ak relasyon nou nou ta renmen envite lakay nou pou rankontre misyonè yo, pou yo kapab tande mesaj Retablisman an.”9

Maria suiv konsèy sa a nan sèvi ak veye sou sè yo ba li pou l vizite yo e li fè plis pase jis ranpli tach sa a. Li gen anpil zanmi ki inaktif ak sa ki poko tande mesaj levanjil retabli Jezikri a. Chak jou li egzèse lafwa li epi l priye pou l konnen kiyès ki bezwen èd li, epi apresa, li aji sou enspirasyon l resevwa a. Li rele nan telefòn, li eksprime lanmou li, e li di zanmi l yo: “Nou bezwen ou.” Li fè sware familyal chak semèn nan apataman kote l rete a epi li envite vwazen l yo, manm yo, ak misyonè yo pou yo vini---epi li bayo manje. Li envite yo pou yo vin legliz la, li tann yo, epi li chita avèk yo lè yo vini.

Maria konprann sa Èldè Jeffrey R. Holland te fèk raple a, ki di ke “yon envitasyon ki enspire pa lanmou nou pou lòt moun ak pou Senyè Jezikri …, yo pap janm kondisere kòm yon ofans ni yon jijman.”10 Li kenbe yon lis moun ki di yo santi yo ofanse, e li kontinye sèvi yo. Paske yo konnen li renmen yo, li ka di yo: “Pa ofanse. Sa ridikil!”

Maria se yon disip Jezikri k ap kenbe alyans. Malgre li pa gen yon detantè prètriz nan fwaye li, li santi pouvwa Bondye chak jou nan akonpli alyans tanp li yo pandan l ap avanse avèk fèmte sou chemen an, ap pèsevere jiska lafen ak ede lòt moun patisipe nan travay sali a toutolon chemen an.

Pandan m t ap pataje eksperyans sa yo avèk nou an, èske nou wè tèt nou nan travay sali a? Pran yon ti moman pou panse ak yon lòt pitit fi Bondye ki bezwen ankourajman pou l retounen sou chemen alyans la oubyen ki bezwen yon ti èd pou l rete sou chemen an. Priye Papa nou ki nan Syèl la sou li. Li se pitit fi li. Li konnen l pa non li. Li konnen ou tou, e l ap di w sa l bezwen. Rete pasyan epi kontinye lapriyè pou li, epi aji selon enspirasyon ou resevwa yo. Si w suiv enspirasyon sa yo, Lespri a ap konfime ke ofrann ou an akseptab devan Senyè a.

“Sè Eliza R. Snow … te grandman remèsye sè yo pou efò yo pou youn te fòtifye lòt tanporèlman ak espirityèlman. … Li te di yo ke Legliz la pa kenbe rejis sou tout don yo fè pou ede moun ki nan bezwen yo men Senyè a gen yon rejis pafè sou travay sali yo fè yo:

“‘… Pezidan Joseph Smith te di ke sosyete sa a te òganize pou sove nanm. Kisa [nou pral fè] pou nou ramne moun ki egare yo?—pou nou rechofe kè moun lafwa yo etenn yo nan levanjil la?—Gen yon lòt liv kote yo ekri lafwa nou, jantiyès nou, bon zèv nou, ak pawèl nou. Gen yon lòt liv ki egziste. Anyen pa pèdi.’”11

Nan Liv Mòmon an, Ammon pale sou gwo rezon k fè nou dwe rejwi a. Li di: “Epi kounyeya, m mande, ki gwo benediksyon sa yo li ban nou an? Èske w kapab di m?”

Nan eksitasyon li, Ammon pa t tann repons lan. Li di: “Men, m ap reponn pou nou; ... Se benediksyon sa yo ki te tonbe sou nou, pou nou kapab sèvi kòm zouti nan men Bondye pou nou fè gwo travay sa a.”12

Nou se pitit fi alyans nan wayòm Senyè a, e nou gen opòtinite pou n se zouti nan men li. Si nou patisipe nan travay sali a chak jou, nan ti fason senp,---youn veye sou lòt, youn fòtifye ak anseye lòt---n ap kapab ini avèk Ammon, ki deklare:

“Men, m chaje ak lajwa; wi, kè m chaje ak lajwa, e m ap rejwi nan Bondye m nan.

“Wi, m konnen m pa anyen; kanta pou fòs pa m, m se yon moun fèb; se poutèt sa, m p ap fè louwanj pou tèt pa m, men m ap fè louwanj pou Bondye m nan, paske avèk fòs li m kapab fè tout bagay.”13

Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.