2010–2019
Reklame benediksyon alyans nou yo
Oktòb 2013


Reklame benediksyon alyans nou yo

Lè nou renouvle ak onore alyans nou yo, fado nou yo ap vin pi lejè epi n ap pirifye ak fòtifye san rete.

Sè m yo, ala sa bèl pou nou reyini avèk nou ankò la a.

Dènyèman m te rankontre yon fi ki t ap prepare pou l te batize. Jou Dimanch sa a, li te rive legliz la apre l te fin mache sou (3 km) nan gwo labou. Li te imedyatman ale nan twalèt la, li te retire rad plen labou yo, li te lavi kò li, epi l te mete rad pwòp Dimanch li sou li. Nan reyinyon Sosyete Sekou a, li te pale sou konvèsyon li. Mwen te santi m touche pa gwo dezi l te genyen pou l te netwaye vin pwòp pa mwayen repantans ak sakrifis ekspyatwa Sovè a ak dispozisyon li pou abandone “ansyen lavi” l la pou l te ka fè alyans sakre avèk Papa nou ki nan Syèl la. Li te separe avèk mennaj li, li te debarase l de move abitid pou l te ka viv Pawòl Sajès la, li te sispann travay jou Dimanch, e li te pèdi amitye moun ki te chè pou li lè l te anonse yo entansyon li pou l te batize a. Li te trè deside pou l te abandone tout peche li, pou l te ka vin pwòp epi santi amou redanmtè Sovè a. Mwen te enspire jou maten sa a pa dezi li pou l te vin pwòp fizikman ak espirityèlman an.

M konnen anpil nan nou te fè menm kalite sakrifis sa yo lè nou te santi temwayaj Sentespri a epi nou te vin gen dezi pou n repanti, batize, ak vin pwòp. Petèt pa gen okenn lòt moman nou santi amou divin Sovè a si abondan pase lè nou repanti e santi bra eman li lonje pou anbrase nou e asire nou de lanmou li ak akseptans li.

Sa gen kèk Dimanch, pandan m t ap koute priyè Sentsèn nan, mwen te touche pa fason prèt la te pwononse chak mo yo avèk emosyon. Nan apre, m te rele prèt sa a pou m te remèsye li dèske l te ede fè Sentsèn nan vin yon gwo eksperyans espirityèl pou mwen menm ak kongregasyon an. Li pa t lakay li, men manman l te reponn: “O, l ap kontan anpil dèske w rele! Sete premye fwa li t ap fè priyè Sentsèn nan, e nou te prepare ansanm, nou te pale sou enpòtans sentsèn ak diy pou renouvle alyans batèm nou avèk Sovè a.” Mwen renmen manman sa a anpil dèske l te anseye pitit gason l lan sou pouvwa alyans batèm yo ak opòtinite li genyen pou ede manm pawas li yo santi pouvwa sa a.

Yon lòt manman m konnen te konn chita poukont li nan legliz la pandan plizyè ane avèk kat timoun piti l yo. Etandone li te raman ka konsantre l sou Sovè a pandan Sentsèn nan, li te prepare yon plan. Li te eseye pase tan chak Dimanch yo ap repase semèn nan ak panse sou alyans li yo ak sa l bezwen repanti pou yo. Li di: “Lè sa a, kèlkeswa eksperyans m fè ak pitit mwen yo jou Dimanch, mwen prepare pou m pran Sentsèn, pou m renouvle alyans mwen, ak santi pouvwa netwayan Ekspyasyon an.”

Poukisa Sovè a mete si anpil enpòtans konsa sou Sentsèn nan, chè sè m yo? Ki enpòtans renouvle alyans batèm nou chak semèn sa a genyen nan lavi nou? Èske nou rekonèt kapasite Sovè a genyen pou totalman pwòpte nou chak semèn si nou pran Sentsèn nan diyman ak konsiderasyon? Prezidan Boyd K. Packer te temwaye: “Sa se pwomès levanjil Jezikri a ak Ekspyasyon an: … ke nan fen [lavi nou, nou] ka travèse vwal la, kote nou fin repanti pou peche [nou] yo epi nou lave pa san Kris la.”1

Prezidans nou an santi gwo lajwa lè sè nou yo ak fanmi yo fè ak kenbe alyans, men kè nou ap rache pou sa nan pami nou yo k ap travèse gwo avèsite nan lavi yo akoz moun ki chè pou yo kraze alyans yo. Pwofèt Jakòb, frè Nefi, te resevwa tach nan men Senyè a pou l te pale avèk frè l yo konsènan fi jis yo ak timoun yo nan epòk li a. Mwen temwaye ke pawòl li yo te prezève espesyalman pou epòk pa nou an. Li pale avèk nou kòmsi sete Sovè a Li menm ki t ap pale. Jakòb te gen yon  … lakrent ki t ap kraze l” lè l t ap temwaye bay mari ak papa yo:

“Sa fè m tris pou m oblije pale kare konsènan nou … devan madanm nou ak pitit nou yo, anpil ladan yo gen santiman ki dou anpil, ki chas anpil e ki frajil devan Bondye. …

“…Kriye ki soti nan kè yo ap monte anlè kote Bondye kont nou. …. ... Anpil kè [te] mouri, yo pèse avèk yon maleng ki fon.”2

Pou fi yo ak timoun yo nan epòk li a ki te kenbe alyans yo, Jakòb pwomèt:

“Leve tèt gade Bondye avèk panse nou fèm, epi priye l avèk anpil lafwa, e l ap konsole nou nan afliksyon nou yo. …

“…Leve tèt nou pou nou resevwa bon pawòl Bondye, fè fèt avèk lanmou li; paske, nou kapab, si panse nou fèm pou tout tan.”3

Sè m yo, mwen temwaye sou fòs ak pouvwa lapriyè lè nou devèse kè nou bay Papa nou ki nan Syèl la, kote n ap eksprime pwofon doulè nou ak dezi nou ak sou repons n ap resevwa si nou “fete avèk” ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo.

Sa gen prèske dezan, yon dife devastan te detwi andedan bèl tabènak istorik la nan Provo, nan Uta a. Poutèt koneksyon li avèk pase pyonye nou, pèt sa a te yon gwo trajedi pou ni kominote a ni manm legliz yo. Anpil te mande tèt yo: “Poukisa Senyè a te kite sa rive? Siman li te ka anpeche dife sa a oubyen estope destriksyon li.”

Dis mwa apre, pandan konferans jeneral Oktòb 2011 la, te gen yon gwo bri sipriz lè Prezidan Thomas S. Monson te anonse ke tabènak ki te prèske detwi sa a te gen pou vin tounen yon tanp sakre---yon kay Senyè a! Toudenkou, nou te ka wè sa Senyè a te toujou konnen! Li pa t lakoz dife a, men li te pèmèt dife a detwi andedan an. Li te wè tabènak la kòm yon tanp mayifik---yon kay pèmanan pou fè alyans sakre.4

Chè sè m yo, Senyè a kite nou pase anba tès ak eprèv, pafwa rive nan limit nou. Nou wè lavi moun ki chè pou nou ki figirativman boule rapye tè e nou mande poukisa yon Papa eman ki nan syèl la kite yon bagay konsa rive. Men, Li pa kite nou nan sann dife a; Li kanpe avèk bra l louvri, ap envite nou pou nou vin jwenn ni. Se bati l ap bati lavi nou fè l vin tounen tanp mayifik kote Lespri li kapab demere etènèlman.

Nan Doktrin ak Alyans 58:3–4, Senyè a di nou:

“Pou kounyeya, nou pa kapab wè avèk je natirèl nou yo, obejktif Bondye nou an konsènan bagay ki pral vini apre yo, ak laglwa ki pral vini apre anpil tribilasyon

“Paske, apre anpil tribilasyon benediksyon vini. Se poutèt sa, jou a ap vini pou nou kouwone avèk anpil laglwa.”

Sè m yo, mwen temwaye ke Senyè a gen yon plan pou nou chak nan lavi nou. Pa gen anyen ki rive ki se chòk oswa sipriz pou li. Li konn tout bagay e li gen anpil amou. Li vle ede nou, rekonfòte nou, ak soulaje lapenn nou si nou konte sou pouvwa Ekspyasyon an ak onore alyans nou. Mwen konnen sa. Eprèv ak tribilasyon n ap sibi yo se ka petèt egzakteman bagay k ap gide nou al jwenn ni ak fè nou akwoche nan alyans nou yo pou nou kapab retounen nan prezans li pou n resevwa tout sa Papa a genyen yo.

Ane k sot pase a, mwen te bezwen e m te anvi santi amou Senyè a pi pwofondeman, resevwa revelasyon pèsonèl, pi byen konprann alyans tanp mwen yo ak jwenn soulajman anba fado m yo. Nan priye espesifikman pou benediksyon sa yo, mwen te santi Lespri a dirije m pou m ale nan tanp pou m te pi byen koute chak pawòl nan benediksyon yo pwononse sou mwen yo. Mwen temwaye ke pandan m te koute pi byen an e m te eseye egzèse lafwa m nan, Senyè a te gen mizèrikòd pou mwen epi li te fè fado m yo vin pi lejè. Li te ede m santi gwo lapè sou lapriyè m yo ki potko jwenn repons yo. Senyè a nan obligasyon pou l kenbe pwomès li lè nou kenbe alyans nou ak egzsèse lafwa nou.5 Ale nan tanp, chè sè m yo, epi reklame benediksyon nou yo!

Mwen ta renmen pale de yon lòt fason k fè kenbe alyans nou kapab ba nou konfyans ak lafwa. Antake fi, nou pafwa gen yon tandans pou nou trè sevè avèk tèt nou. Nan moman sa yo, nou bezwen chèche Lespri epi mande tèt nou si panse sa yo soti nan Papa nou ki nan syèl la oubyen si se Satan k ap eseye dekouraje nou. Sonje nati Papa nou ki nan Syèl la, ki ranpli ak amou pafè e enfini.6 Li vle ankouraje nou, non pa kraze nou.

Antanke manm Legliz la, nou pafwa santi ke nou ta dwe fè pati yon “fanmi Sen Dènye Jou pafè” pou Senyè a ka aksepte nou. Nou souvan santi ke “nou pa diy oubyen nou pa apatni nan wayòm nan si nou pa gen kalite fanmi ideyal sa a. Chè sè m yo, lè tout bagay fin di ak fèt, sa k pral pi plis konte pou Papa nou ki nan Syèl la se fason nou te kenbe alyans nou yo ak fason nou te fè tout efò pou suiv egzanp Sovè nou an, Jezikri.

Mwen temwaye ke Jezikri se Sovè nou ak Redanmtè nou. Gras ak sakrifis ekspyatwa li a, nou kapab pwòpte chak semèn si nou pran Sentsèn nan diyman. Lè nou renouvle ak onore alyans nou yo, fado nou yo kapab vin lejè, e nou ka toujou vin pirifye ak fòtifye pou ke nan fen lavi nou, yo va konsidere nou diy pou n resevwa egzaltasyon ak lavi etènèl. Mwen temwaye konsènan bagay sa yo nan non Jezikri, amèn.