Tout moun byenveni Vizite yon legliz ki pre ou.

Nou se yon kominote ki konsantre sou Kris la, ki ap fè pi byen nou kapab pou nou renmen ak sèvi lòt moun. Gen yon plas pou ou isit la.
Jwenn yon legliz ki pre ou.
People in Lima, Peru: Attending Church

Kesyon Jeneral

Èske manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se Kretyen?

Wi! Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou kwè Jezikri se Pitit Gason Bondye ak Sovè mond lan. Li renmen nou tout plis pase nou ka imajine. Nou konsidere tèt nou kòm disip devwe Jezi. Pandan ke kèk nan kwayans nou yo trè distenk, nou kwè ke atravè lavi, ministè, sakrifis, ak rezirèksyon Li, Jezikri sove nou anba peche, soufrans, ak lanmò.

Aprann plis konsènan kwayansnou yo.

A kisa sèvis yo nan Legliz la sanble?

Lè sèvis yo nan Legliz la varye ant yon kongregasyon ak yon lòt kongregasyon. Toutfwa, ou kapab toujou konte sou yon sèvis adorasyon prensipal pou tout moun, epi apresa gen klas pou timoun yo, jèn yo, ak adilt yo.

Sèvis ki pou tout moun nan rele “reyinyon sentsèn.” Reyinyon sa a gen ladan chante, priyè, ak sèmon (oswa “diskou”) ke diferan manm nan kongregasyon an bay chak semèn. Men pati ki pi enpòtan nan reyinyon an se lè nou pran senstsèn nan (ki similè avèk kominyon) pou sonje Sovè a.

Aprann plis konsènan sèvis Dimanch yo oswa jwenn yon legliz toupre ou.

Poukisa Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo gen tanp?

Pou Sen Dènye Jou yo, yon tanp diferan de lòt bilding Legliz yo. Tanp lan se yon plas kote Sen Dènye Jou yo resevwa enstriksyon espesyal sou Bondye ak Jezikri. Nan tanp lan, manm yo fè alyans etènèl (oswa pwomès) avèk Bondye. Sa enkli pwomès pou nou respekte kòmandman yo, viv levanjil Jezikri a, pou nou fidèl nan maryaj, epi pou nou ede youn pran swen lòt nan pataje sa nou genyen.

Epitou, paske nou kwè fanmi yo dire pou tout tan, anpil nan travay ki fèt andedan tanp yo se pou fè lyen fanmi yo vin pi solid. Maryaj nan tanp yo akonpli pou yo dire etènèlman, pa sèlman “jiskaske lanmò separe nou.” Paran yo ak timoun yo vin tounen fanmi etènèl nan tanp yo. Zansèt yo kapab resevwa tout benediksyon tanp yo tou si yon moun akonpli òdonans sakre yo pou yo epi yo aksepte aksyon sèvis sa a. Tanp yo se kote ki okipe anpil!

Kisa Liv Mòmon an ye?

Liv Mòmon an se yon liv ekriti enspire ki anseye nou konsènan Bondye ak Jezikri. Li ede nou resevwa direksyon pou lavi pèsonèl nou epi li ka ede nou santi nou pi pre Jezikri. Ki kote non an soti? Sa gen kèk santèn ane, yon ansyen pwofèt ki te rele Mòmon te konpile yon rejis sou pèp li a. Yo te fè fas ak menm pwoblèm ke n ap fè fas jodia. Epi, menmjan avèk nou, yo te jwenn fòs lè yo te vire al jwenn Jezikri. Resevwa yon entwodiksyon sou Liv Mòmon an avèk misyonè yo.

Liv Mòmon an kanpe kòtakòt avèk Bib la kòm yon lòt temwanyaj konsènan Jezikri ak misyon divin Li kòm Sovè ak Redanmtè mond lan. Ansanm, Bib la ak Liv Mòmon an founi plis konpreyansyon sou gwo lanmou Bondye pou nou tout epi li kapab ede nou vin pi pre Li. 

Aprann plis konsènan fason Bib la ak Liv Mòmon an travay ansanm.

Èske nou kwè nan Bib la?

Wi. Bib la se pawòl Bondye, yon volim sakre ekriti, epi suiv ansèyman li yo pote lajwa nan lavi nou. Ansanm ak Bib la, nou jwenn enspirasyon tou nan lòt liv ekriti unik nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Yo tout travay ansanm pou anseye nou verite enpòtan sou Bondye ak Jezikri.

Aprann plis bagay konsènan kwayans nou nan Bib la.

Gade Plis

Rapwoche pi pre Bondye. Rankontre avèk misyonè yo.

Rankontre sou entènèt oswa an pèsòn. N ap reponn kesyon w yo ak entwodui ou nan kominote legliz lokal ou a.

Mande yon Vizit
Two sister missionaries prepare to ride the subway in Hong Kong

Yon Kominote Lafwa Konsantre sou Jezikri

Four Corners: Primary Children
Kisa pou w Atann nan Legliz la
Legliz la se yon refij anba konfizyon lavi chak jou yo—yon andwa kote ou ka adore Bondye avèk lòt kwayan ki ap eseye vin plis tankou Jezi. Nou ta renmen w vin vizite nou!
Pacific, New Zealand, Stock Photos
Kwayans Nou
Tout kwayans nou santre sou Bondye ak Jezikri. Aprann plis konsènan sa nou kwè ak kijan kwayans debaz sa yo ka enspire ou pou w suiv Sovè a.
Aprann Konnen Nou
Pacific, Tonga, Stock Photos
Aprann Konnen Nou
W ap jwenn manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo toupatou nan mond lan. Nou se zanmi ak vwazen w ki ap travay ansanm pou eseye fè mond lan vin yon pi bon kote.

Jwenn dènye nouvèl ki soti nan Legliz la.

Bon bagay k ap pase atravè mond lan. Jwenn dènye nouvèl aktyèl sou pwojè, aktivite, efò sekou pou katastwòf Legliz la ap fè, ak plis ankò.

Vizite Sal Nouvèl la
Chile: Family Life
Jwenn yon Legliz
ki Pre Ou
Rankontre avèk Misyonè yo
Etidye Liv Mòmon an